Anpil nan medam [m pa di tout non] an Ayiti yo ap chèche nèg ki pou jere yo; mizè a tèlman boule nan peyi a, medam yo di w tout bèt jennen mode, se sitiyasyon ki fè aksyon.
Lekòl/edikasyon sanse pa bay ankò jan sa te ye nan tan lontan. Jèn fi a fin fè etid li, li gen yon diplòm ki di ke li kalifye pou l itil peyi l nan yon domèn, men pou li jwenn yon travay pou li ka ede tèt li, fanmi li ak kominote li, fò k li aksepte a kondisyon ke travay la vini avèk li yo [anpil fwa kondisyon sa yo pa nan “job description” ki defini travay la].
Souvant fwa, si se yon gason k ap ede fanm nan jwenn travay la, li ekzije kòm kondisyon fò k li taye fanm nan, fò k fanm nan se fanm konyen li [menm kant misye se yon mesye marye]; si se yon fanm k ap fè l jwenn travay la menm nan, fò k li antre nan fwote krèk avèk jèn fanm nan.
Kondisyon sa yo pa nan “job description” ki defini travay la sou papye non, men se yon seri de kondisyon ke jèn fanm nan oblije soumèt a yomenm si l vle travay pou li “sòti” nan mizè katchapika sa a ke l ap viv ladan li a. Epi pafwa, menm jan avèk Lea Kokoye –ke Maurice Sixto, gwo pototrik gason Gonayiv sa a, te toujou konn rakonte nou de li a –se jèn fanm sa a ki premye pitit manman l ak papa l, tout espwa fanmi an vin tonbe sou do l [se pou li degaje l jan l konnen pou li jwenn kichòy pou li ede rès kòd fanmi an].
Vin jwenn ankò nèg Dyaspora yo ki vin ajoute lo pa yo nan malediksyon sa a k ap wonje sosyete Ayisyen nan.
Sosyo medya yo vin louvri yon fenèt ant fanm an Ayiti a k ap chèche zafè a ak nèg Dyaspora yo [trè souvan nèg sa yo gen fanm yo nan peyi etranje kote yo ye a] k ap chèche koko vakans yo pou lè yo ateri dèyè a pou yo ka jwenn pou y ap konyen.
Se sa ki vin fè majorite dè fwa ou tande nèg nan Dyaspora yo ap fè nenpòt 3 a 4 vwayaj pa ane an Ayiti. Lè konsa yo di w yo renmen Ayiti, yo pa ka fè 6 mwa pou yo pa ale vizite –yon fason pou yo ka fè nèg tankou m yo ki gen plis pase 10 lane depi yo pa ale Ayiti yo “feel bad,” kòmsi yo pi Ayisyen pase w [lol]. Epi konnen w pa konnen ki chawony k ap bay yo tanta konsa ki fè yo pa ka rete chita nan pye fanm yo isit nan peyi etranje kote yo ye a, fò k y al manje moun Ayiti.
Jèn fanm Ayisyèn nan sanse livre a limenm. Jan Prezidan Preval konn di an, se naje pou l naje pou l sòti. Li nan mitan yon dlo ak anpil pwa lou sou do l, fò k se bon bras pou l ap fè pou li mete tèt li deyò. Si se pa sa, l ap nwaye. E lè l nwaye a, se pa li sèlman k ap nwaye a non… gen tout yon tribi [kòd fanmi li oubyen “extended family” li nan lang Anglèz la] ki depann de li k ap nwaye avèk li paske se li ki sanse ap pote yo sou do l.
Leta demisyonè sa a pa bay fanm yo regle anyen pou li. Nou tande gen òganizasyon k ap batay pou fè respekte dwa fanm yo nan peyi a, men m ap mande m si se wè yo pa wè sa k ap pase jèn fanm nou yo.
Antouka, lè m ap reflechi sou bagay sa yo, lè bagay sa yo ap brase bil mwen konsa, se nan pye Maurice “Moy” Sixto m ale chita pou li rakonte m pi byen istwa Lea Kokoye a, yon fason pou m ka pi byen konprann reyalite sosyeekonomik sa a, ki sòti pou fè m fou a.