Patrick Antoine: Etan Norwich, Connecticut Yo Akize Misye Kòm Moun Ki Touye Madanm Ansent li Paske Li Kwè Ke Manmzèl Fè Maji Dèyè l Pou l Touye l

patrick-antoine

Patrick Antoine: misye touye madanm ansent li etan Norwich, Connecticut.

PATRICK ANTOINE se yon Ayisyen ki gen 39 lane sou tèt li k ap viv nan yon vil ki rele Norwich nan Eta Connecticut la.
Lapolis Norwich arete misye paske li tchakonnen avèk kout kouto madanm ansent li, Margarette Mardi, epi li mete dife nan kay la.
Pou kounyè a, misye nan prizon. Jij la mande 2 milyon dola Ameriken pou yo lage misye an atandan yo jije l.
Daprè yon rapò ke komisarya polis Norwich la voye bay komisè gouvènman an, Antoine kondi machin pote tèt li ale bay lapolis nan komisarya a kèk minit aprè 11 zè nan maten. Lè misye rive nan komisarya a, daprè sa polis yo di nan rapò a, li di: “Mwen touye madanm mwen.”
Nan menm moman misye pote tèt li ale a, gen yon dife ki eklate nan kay kote misye rete a 283-285 Franklin St., Apt 2B, anba lavil Norwich.
Daprè sa polis yo di, Antoine, ki se yon moun ki pa ni pale ni konprann Anglè byen, di polis yo, atravè yon entèprèt ki t ap tradwi pou li an Kreyòl, ke li menm avèk madanm li te nan yon diskisyon lakay la jou Jedi a.
Gen yon moman ki rive nan diskisyon an, daprè sa polis yo di, pandan ke misye avèk madanm li nan kwizin nan, li pase men l pran yon gwo kouto vyann byen file epi li mete l nan pòch dèyè pantalon pidjama li.
Pandan kounyè a yo travèse nan chanm a kouche a avèk diskisyon pale anpil la, daprè sa misye di polis yo, manmzèl pouse l epi se lè sa a misye “rale kouto a nan bouda pòch pantalon pidjama li a epi li pran ap tchakonnen manmzèl avèk kout kouto.”
Misye kwè ke fanm nan te yon manbo ki fè maji dèyè l, daprè sa misye di polis yo, fè misye malad pou l mouri.
Daprè sa misye di polis yo, “li te konnen ke manmzèl te 8 mwa gwo vant yon pitit ke li konnen ki pa pitit li, e ke manmzèl te fè misye pwomès ke l ap touye l kanmèm nan mwa Jiyè a, avan pitit la fèt.
Daprè sa misye di lapolis, li pa sonje konbyen kout kouto li bay manmzèl, men li konnen ke li bay li kout kouto nan tèt ak nan pye.
Misye di aprè li fin touye manmzèl, li pran yon brikè ki te andedan an epi li mete dife nan rido yo ki nan chanm a kouche a, salon an ak twalèt la epi li kite kay la.
Daprè sa polis yo di, travayè ponpye yo retire madanm nan nan kay la. Yo jwenn kò manmzèl gen plizyè twou kouto sou li epi li boule anpil. Yo te pwononse lamò manmzèl a 11:10 nan maten jou Jedi a.
Se pa polis yo ki te idantifye kò a kòm etan madanm misye. Se mèt bilding nan, Sterne Baptiste, ki di polis yo ke manmzèl se nyès li, ke non li se Margarette Mardi, e ke li abite nan 2zyèm apatman an avèk Antoine e yon pitit gason misye.
Misye parèt nan tribinal la avèk minòt nan bra l, chèn nan 2 pye l, epi li gen rad prizon sou li.
Si yo jwenn misye koupab de zak yo akize li yo, li la pou l pase tout rès vi l nan prizon pou jis tan li mouri.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s