Clarens Renois Pou Premye Minis

clarens-renois

Clarens Renois

Aprè ke eleksyon yo fin byen pase nan peyi a, nan jou ki te Dimanch 20 Novanm nan, daprè jan tandans la ye nan mitan popilasyon an, nou kwè ke Jovenel Moise genyen eleksyon an avèk yon majorite ekrazant. An nou pa menm bezwen pale de dezyèm tou. Avèk yon sèl kout kle a, machin nan pati e li pran direksyon pwogrè ke peyi a t ap tann depi lontan an.

Pou kantite pwoblèm k ap tann Jovenel Moise, n ap mande pou misye pa pèdi tan pou li mete kanpe ekip tranzisyon li a prese prese pou li kòmanse ap bay administrasyon li a fòm li sipoze genyen an. Men etan done ke premyè pozisyon ke l ap bezwen jwenn moun pou li a se pòs premye minis la, n ap mande pou misye fè chwa sa a avèk anpil tèt frèt ak sajès politik; chwa sa a ap defini ki sa misye vle akonpli vre nan 5 lane li pral pase nan tèt peyi a.

Nou bezwen yon premye minis ki konpetan, ki vle travay, ki jèn, ki pataje vizyon Jovenel pou peyi a, e ki ka garanti tout sektè nan peyi a ke li pral travay nan enterè peyi a, pa nan enterè politik pati ki sou pouvwa a.

Nou ta swete Jovenel rele Clarens Renois pou l bay misye pòs Premye Minis la pou l ka mete kanpe yon gouvènman serye ki chita sou konpetans, kalifikasyon ak onètete –san konsiderasyon de nan ki pati moun sa yo ki pral fè pati de gouvènman an ap soti.

Clarens pa premye moun nan lis nou an non. Premye moun nan lis nou an se Daniel Rouzier; dezyèm moun nan se Charles Henri Baker; twazyèm nan se Reginald Boulos. Men nou deja konnen ke anba rasis po nwa sa yo ki nan Paleman an k ap bezwen pou ratifye chwa a, koulè ak klas sosyal mesye sa yo deja poze pwoblèm politik pou yo. Men nou t ap pi alèz pou se ta youn nan yo twa a ki ta PM nan pou konpetans ak eksperyans yo.

Jovenel ap chwazi Clarens kòm yon chwa estratejik –misye plis parèt tolerab e konsilyatwa. Misye vle travay e li ka travay. Nou plis kwè ke misye gen plis chans pou yo ratifye l nan Paleman an ke lòt twa mesye nou te site avan yo. Si misye ta fin pase etap ratifikasyon an nan Paleman an, nan gouvènman l ap gen pou l mete kanpe a, nou ta swete ke li retounen avèk Stephanie Villedrouin kòm minis touris epi Nesmy Manigat kòm minis edikasyon nasyonal. 2 moun sa yo te briye pa konpetans e dinamism yo nan gouvènman PM Lamothe la.

Erè nou pa ta vle pou Jovenel fè, nou pa ta vle li konsantre sou zafè pati politik pou l mete moun nan pouvwa li a. Misye sipoze pran tout moun, kèlkeswa moun nan, nan kèlkeswa pati politik moun nan ye a. Misye ap bezwen mete kanpe yon pwofil ki chita sou kalifikasyon, konpetans ak onètete. Depi moun nan “fit” pwofil la, li gen plas li nan pouvwa a. Pa jere zafè nèg nan ti pati PHTK ak alye. Li ka fè sa nan ekip konseye politik e teknik ke l ap genyen nan palè a avèk li, men pa nan administrasyon zafè Leta a.

Nou vle pou tout Ayisyen frè ak sè nou yo konprann ke politik zingzani an fò k li fini nan peyi a paske li pa p menmen nou okenn kote. Nou bezwen fè yon politik ki eklere, kote nou sispann pèsonalize politik la.

Sou rezo sosyo yo, kòm anpil moun te kapab obsève, nou te youn nan moun ki te mennen yon kanpay fawouch kont Clarens Renois pandan tout kanpay elektoral la paske kandida pa nou an se te Jovenel Moise. Sepandan, gade ki jan jounen jodi a se nou menm k ap mennen kanpay pou li Premye Minis. Se konsa nou dwe fè politik la.

Sa anpil moun pa konprann sè ke kanpay la fini –pa gen kanpay prezidansyèl ankò. Kounyè a se moman pou n pase o travay, pou n gouvène zafè Leta a pou byennèt peyi a; se moman pou n reyini tout moun an fonksyon de talan e konpetans yo pou yo mete yo o sèvis de peyi a.

Batay politik nou t ap mennen kont Clarens la pa gen anyen pèsonèl ladan l. Se konsa jwèt politik la jwe. Barack Obama te mennen yon kanpay gason pa kanpe kont Hillary Clinton an 2008. Lè li fin prezidan, ki sa nou te wè li fè? Li rele Hillary pou li vin travay pou peyi a. Li mete l nan Depatman d Eta a. Hillary pa t fè gwo lestomak pou l ap di li pa nan bagay konsa, Obama genyen eleksyon an se pou l degaje l avèk moun li yo pou li dirije peyi a. Non. Epi tou, sa pa t ap fè okenn sans.

Gen yon grand diferans ant mennen yon kanpay politik ak gouvène yon peyi. Si ou te gen yon diskou sektoryèl ki chita sou divizyon pandan kanpay la, lè ou fin genyen, ou bezwen itilize yon diskou k ap rasanble tout moun paske, antan ke prezidan, ou se prezidan tout moun, menm moun sa yo ki te opozan fawouch ou yo nan kanpay la. Nivo de refleksyon sa a, anpil entèlektyèl Ayisyen pa ko ka dijere l. Yo pran kanpay politik la trè pèsonèl. Yo pa wè l kòm yon jwèt tankou “box” ak karate non, yo wè l kòm yon zafè pèsonèl.

Alòs, n ap fè apèl a sans de sajès politik Jovenel pou misye pran Clarens Renois kòm premye minis li. Si misye ta arive fè sa, li t ap youn nan pi gwo desizyon li ta kapab pran, e li t ap trè byen resevwa nan majorite sektè yo nan peyi a. Nou ta renmen misye tande e li pran ti konsèy sa yo ke nou te pote pou li yo. Nou swete misye anpil siksè nan dezisyon ke l ap genyen pou l pran nan non peyi a. Konsa, aprè 5 lane li a, nou va gen yon peyi ki fè anpil pwogrè politikman, eknomikman e sosyalman.

 

Lavalas Privert Ale, Ki Direksyon n ap Bay Peyi a?

Etan done ke nou konstate ke Lavalas Privert pa prezidan peyi a ankò [si misye ta gen malè mete pye li nan Palè a kòm prezidan peyi a, sa l pran se pa l], ki sa ki pou fèt kounyè a pou n remete kanpe enstitisyon sa a ki rele “prezidans” la?
 
Men sa ke nou konseye ki pou fèt:
 
1. Konsèy Ministeryèl la, ki gen nan tèt li PM Enex Jean-Charles, ap pran direksyon peyi a an atandan ke nou jwenn yon akò k ap fè chwa de yon prezidan pwovizwa.
 
2. Reprezantan 3 pouvwa Leta yo [Ekzekitif, k ap reprezante pa PM Enex Jean-Charles, Lejislatif ak Jidisyè], reprezantan pati politik ki reprezante nan Paleman an, reprezantan sektè ekonomik la ak reprezantan sektè sosyete sivil la ap reyini pou yo jwenn yon akò pou yon prezidans pwovizwa k ap gen yon misyon byen defini, k ap gen ladan li konklizyon pwosesis elektoral la.
 
Noumenm, n ap mande pou n pa repete erè grav sa a ke nou te fè a lè n te pran yon politisyen mete nan tèt peyi a pwovizwaman ki pou te vin fè eleksyon yo.
 
Nou pa bezwen okenn politisyen ankò nan tèt peyi a, paske tout politisyen gen kat ki kache anba manch palto yo pou yo ka dirije peyi a nan avantaj sektè politik ki gen menm tandans politik ke yo a.
 
Nou pral nan Kou Kasasyon dirèk dirèk, san gade dèyè pou n pran jij ki pi “legit” la, ki ranpli kondisyon rekiz yo, ki pa gen fòs kote, ki pa ni Lavalas ni Tèt Kale, ki pa ni de goch ni de dwat pou n mete nan tèt peyi a pou li vin kondi nou nan eleksyon.
 
Lòbèy politik ke peyi a te twouve li ladan an pandan mwa ki sot pase yo F-I-N-I fini. Moman an rive pou n bay peyi a yon lòt direksyon, pou n retounen mete peyi a sou wout desans politik e administrativ la ankò.
 
Lè w pran yon teworis, vagabon, sansal, malandren ou mete l nan tèt yon peyi, se nòmal pou teworis, vagabon, sansal ak malandren parèy li panse yo ka fè lalwa, yo ka fè sa yo vle, jan yo vle e lè yo vle nan peyi a. Se yon peyi n genyen, se pa yon gagè. Alòs, Abraham di ase.

Komisyon Verifikasyon an ap Vin Mete Absè Sou Klou

Nou pa kanpe nan lojik komisyon verifikasyon an paske bagay sa a, ki ta sipoze vin rezoud kriz la, pral mete peyi a nan plis kriz toujou. Nan yon sans, se absè l ap vin mete sou klou a.
Yo di te gen “fwod masiv” nan eleksyon yo, ki bay nesesite pou n mete kanpe yon komisyon verifikasyon ki pou vin verifye eleksyon 25 Oktòb la, pa vre? Palmantè sa yo ki nan Paleman an, ki vote Prezidan Jocelerme Privert pou li vin prezidan an e apwouve Deklarasyon Politik Jeneral PM Enex Jean-Charles la, se pa nan menm eleksyon sa a ke yo di ki te gen “fwod masiv” la yo te pase?
 
Yo di se pou n mete kanpe yon komisyon verifikasyon ki pou vin retire palmantè ki mal eli yo e kandida pou prezidan ki benefisye de “fwod masiv” yo. An n di ke komisyon verifikasyon an ta jwenn efektivman vre ke gen plizyè palmantè ki te mal eli e ke yo ta deside mete yo deyò nan Paleman an. Si w ap mete yo deyò, etan done ke yo te vote pou Prezidan Privert vin prezidan, misye ap tou tonbe wi; etan done ke yo te vote Deklarasyon Politik Jeneral PM Enex Jean-Charles la, se di ou tou di misye pa PM ankò wi, paske se palmantè ki te mal eli sa yo ki te vote pou ratifye misye.
 
Se sa ki fè nou retwouve nou nan refleksyon Depite Cholzer Chancy a, ki repòte nan Le Nouvelliste ki soti jou Lendi, 25 Avril, 2016 la, nan yon atik ki di Cholzer Chancy hausse le ton et menace Jocelerme Privert. Misye fè anpil sans nan refleksyon l.
 
Ki sa nou pwopoze, etan done ke komisyon verifikasyon sa a ap vin lage peyi a nan plis pwoblèm?
 
Nou pwopoze yon solisyon ki chita sou yon filozofi byen senp: “Nou pa bezwen pitit la sanble ak papa, se bon akouchman nou bezwen.” Se pa premyè eleksyon k ap fèt nan peyi a ki gen pwoblèm ladan l. E tout otan ke nou pa gen yon KEP pèmanan ki pou mete kanpe yon estrikti/sistèm elektoral serye, n ap toujou gen pwoblèm chak aprè eleksyon fin fèt.
 
Nou pwopoze:
 
1. Pa gen okenn komisyon verifikasyon ki ap monte;
 
2. Pa gen okenn palmantè y ap mete deyò;
 
3. KEP a sipoze aplike rekòmandasyon ki te fèt nan rapò Komisyon Evalyasyon Desroches la, ki pou fikse pwoblèm ki gen nan sistèm nan pou ke jan de pwoblèm sa yo pa repete nan pwochèn eleksyon ki pral fèt la;
 
4. N ap fè yon 2zyèm tou prezidansyèl nan mwa Jiyè a avèk 10 kandida ki te soti premye nan eleksyon 25 Oktòb yo, epi sa ki genyen an tou prezidan.
 
Se pou n itilize sajès politik nou pou n pran desizyon ki fè sans pou n pa jete peyi a nan plis tèt chaje ki pa p bon pou okenn moun. Peyi a se pou nou li ye, se nou ki pou fe sakrifis pou nou pa lage l nan tchouboum. An n mete sou kote enterè pèsonèl nou pou nou ka bay priyorite a enterè peyi nou an, Ayiti, peyi sa a ke nou tout nou renmen nan fason pa nou. 

Prezidan Martelly Di Yon Fanm Ayisyèn Nan Miragwan Pou Li Ale Nan Raje Pou Yo Wonfle Bouda l ak Bwa

Fanm Ayisyen

Prezidan Martelly deraye nèt wi. Misye pa gen okenn dwa pou li di dam nan sa li di li a poutèt dam nan vin “heckle” li pandan ke l ap fè kanpay pou kandida PHTK li yo nan vil Miragwan.

Dam nan nan tout dwa l pou li “heckle” Prezidan an wi. Se konsa li jije nesesè pou li vin manifeste mekontantman li pou jan li wè bagay yo ap fèt nan peyi a. Alòs, li nan tout dwa sivil e politik li pou li vin manifeste nan kanpay Prezidan Martelly ap fè a pou li ka fè pase mesaj pa li a. Li pa fè anyen ki mal.

Pafwa, Prezidan Martelly genlè bliye si l se prezidan nou tout 10 milyon Ayisyen yo wi. Prezidan nou tout Ayisyen yo vle di prezidan moun ki sipòte w yo e prezidan moun ki pa sipòte w yo. Misye, pafwa, konpòte l kòmsi li se Sweet Micky ki nan kare djaz Konpa Dirèk li a k ap di betiz sou stage.

Dam nan se yon “heckler” li ye. Sa l fè a fèt tout tan wi isit Ozetazini –lè Obama, Bill Clinton, Hillary, G. W. Bush, Dick Cheney, elatriye ap adrese yon foul. Men yo toujou aji avèk sivilite pou yo jere sitiyasyon an. Ou pa p wè yo ki tonbe nan nivo ba sa a ap di moun nan vye pawòl lèd e san sans.

Gade videyo sa a kòm ekzanp pou nou ka wè ki jan Prezidan Obama avèk ansyen Prezidan G. W. Bush jere yon fanm ki vin “heckle” yo tou 2 a pandan ke yo t ap bay yon diskou. Ni youn ni lòt pa di dam nan vye mo ki soti nan bouch yo. Jan yo jere dam nan avèk sivilite e pwofesyonalism la, se konsa Prezidan Martelly sipoze jere “hecklers” yo pwochèn fwa li ta rankontre avèk youn.

Kote òganizasyon sa yo ki di ke y ap goumen pou dwa fanm yo respekte andedan peyi a? Kote fanm ki swadizan rele tèt yo lidè politik yo nan peyi a? Èske se tout bon nou la pou n defann dwa fanm yo vre nan sosyete a?

Se pou òganizasyon fanm yo k ap milite pou dwa fanm yo respekte nan peyi a mobilize yo pou yo ekzije Prezidan Martelly prezante ekskiz a dam nan e a tout nasyon an pou lòbèy sa a ke li fè. Bagay sa a inakseptab, e li rive twò lwen.

Mesye dam politisyen yo ki nan swadizan opozisyon an pa di anyen. Yo tout fè kòmsi yo pa wè, yo pa tande. Yo kanpe nan lin y ap tann lajan kanpay nan men Martelly ak K-Plim pou yo ka vòlè.

Kote Edmonde Beauzile, antan ke yon fanm, nan dosye sa a? Depi pati li a jwenn djòb nan gouvènman an pou moun li yo, pa gen pwoblèm, pa gen lòbèy, pa gen dezòd k ap fèt nan gouvènman an ankò… tout pwoblèm, tout lòbèy, tout dezòd rezoud. Manmzèl fèmen bouch li, li fèmen zòrèy li, li fèmen zye li paske li jwenn sa l t ap chèche a –li jwenn djòb nan gouvènman an pou moun ki nan pati Fusion li a.

Poze tèt nou kesyon sa a: si se te yon prezidan Ameriken ki t ap deplimen yon fanm Amerikèn konsa paske fanm nan “heckle” li, kòman sosyete Amerikèn nan, klas politik Amerikèn nan ak laprès Amerikèn t ap reyaji?

Èske derespekte fanm se yon karakteristik kiltirèl sa ye nan kilti pa noumenm Ayisyen? Nan pi wo nivo nan leta a, y ap derespekte fanm an piblik.

Yo ta di m se Prezidan peyi m nan ki fè yon derapaj konsa, m t ap di se pa vre paske m konnen pèp Ayisyen an se youn nan pèp yo rekonet ki gen anpil lizaj lakay li.

Derespekte yon fanm se derespekte tout fanm. E derespekte tout fanm se derespekte tout nasyon an. Alòs se yon bagay ki inakseptab e entolerab konpòtman Prezidan Martelly afiche nan Miragwan nan.