Estrikti politik sa a ki rele PLATFÒM PITIT DESALIN an, ki gen Moise Jean-Charles kòm lidè li, depi sou jan li rele a, nou di ke li se yon gwoupman rasis ki fonde sou yon filozofi rasis.
Òganizasyon politik sa a pran nesans apati de eslogan politik rasis sa a –Pitit Desalin kont Pitit Petyon –ke moun opozisyon #Lavalas yo te konn ap klewone nan manifestasyon rache manyòk yo te konn ap fè nan lari Pòtoprens yo.
Eslogan “Pitit Desalin kont Pitit Petyon” sa a vle di ke moun sa yo ke po yo nwa nan sosyete a se pitit Desalin, e moun po klè yo [grimo ak grimèl yo] se pitit Petyon. Alòs moun po nwa yo pa fèt pou danse kole ak moun po klè yo; moun po nwa yo sipoze konsidere tèt yo kòm ènmi moun po klè yo.
N ap mande pou tout Ayisyen alawonnbadè kanpe lwen gwoupman politik sila. Nou pa nan danse kole avèk okenn òganizasyon oubyen politisyen rasis k ap chèche mete divizyon nan mitan nou pou yo ka regle zafè pèsonèl zwit yo.
Yo di y ap fè avanse ideyal Papa Desalin an, men sa yo pa arive konprann sè ke Papa Desalin pa t janm kont pitit tè a –ke li te ti wouj, ke li te ti nwa.
Papa Desalin te yon rasanblè, yon moun ki t ap rale tout kalite moun vin sou li. Misye se te yon Papa bon kè ki te kont enjistis, divizyon, chirepit, destabilizasyon, rayisans, elatriye. Alòs m pa wè kijan y ap fè avanse rèv Papa Desalin an pandan ke se divizyon sou baz rasyal oubyen etnik y ap pouse pou pi devan nan sosyete a.
Nou tout nan sosyete a pa ka sanble menm jan; nou tout nan sosyete a pa ka gen menm koulè po; nou tout nan sosyete a pa ka nan menm klas sosyal; nou tout nan sosyete a pa ka nan menm nivo sosyoekonomik. Divèsite pa janm fè tò a limanite. Okontrè, divèsite se pito sous lavi a.
Nan moman sa yo ki sot pase la yo, nou tande tout kalite de pawòl. Nou tande “Desalin pral kay Petyon;” nou tande “Desalin pral bwè soup joumou kay Petyon;” nou tande “Desalin pral chèche kado Nowèl kay Petyon.” Se komsi yo vle di nou gen 2 Ayiti –youn pou pitit Desalin yo [moun po nwa yo] epi lòt la pou pitit Petyon yo [moun po klè yo].
Jan de pawòl demagojik, pawòl rasis, pawòl tèt anba, pawòl degrenngòch sa yo, nou te konn tande yo nan diskou Aristide yo deja [nèg anba kont nèg anwo; ti nwa kont ti wouj; nèg tèt grenn kont nèg cheve siwo; wòch nan solèy kont wòch nan dlo]. Se vye pawòl divizyon sa yo ki mete peyi a nan sa l ye jounen jodi a. Depi 1991 nou te koupe fache avèk pawòl sa yo, yo pa p retounen nan figi nou ankò.
Se nan lane 2014 nou ye wi, mezanmi. Nou pa panse li lè pou nou rele sou kò nou? Nou pa ka kite Moise Jean-Charles, yon eleman ki pa wè pi lwen pase pwent nen li, ap fè nou fè tenten. Si n ap chèche yon moun ki pou lidè nou, omwen, chèche yon moun ki eklere, ki wè pi lwen pase pwent nen li, ki gen lanmou nan kè l tankou Papa Desalin, e ki pa rasis.
Nou se yon sèl pèp ki kondane pou nou viv ansanm. Nou se yon sèl nasyon ki soude youn ak lòt an depi de diferans sosyoekonomik, filozofik, ideyolojik, relijye ak etnik nou. Plis nou rete ini, se pi djanm n ap vin pi djanm.
Nou sèmante 77 fwa 7 fwa pou n pa kite okenn òganizasyon politik bidon oubyen politisyen tèt chat vin mete nou dozado. Se nan tèt kole, lapè ak fratènite n ap jwenn wout pwogrè ak devlopman dirab la, ke n ap chèche depi digdantan an.
Platfòm Pitit Desalin sa a se yon òganizasyon rasis ke li ye. Li pa p mennen nou okenn kote ki pi bon ke nan tchouboum sa a ke nou ye jounen jodi a. Se kèk atoufè ak brasè ki mete kanpe yon gwoupman politik bidon pou yo ka regle zafè pèsonèl yo sou do pèp. Si nou entelijan, e m konnen nou entelijan, n ap bay òganizasyon politik bidon sa a yon bwa long kenbe.