Prezidan Martelly deraye nèt wi. Misye pa gen okenn dwa pou li di dam nan sa li di li a poutèt dam nan vin “heckle” li pandan ke l ap fè kanpay pou kandida PHTK li yo nan vil Miragwan.
Dam nan nan tout dwa l pou li “heckle” Prezidan an wi. Se konsa li jije nesesè pou li vin manifeste mekontantman li pou jan li wè bagay yo ap fèt nan peyi a. Alòs, li nan tout dwa sivil e politik li pou li vin manifeste nan kanpay Prezidan Martelly ap fè a pou li ka fè pase mesaj pa li a. Li pa fè anyen ki mal.
Pafwa, Prezidan Martelly genlè bliye si l se prezidan nou tout 10 milyon Ayisyen yo wi. Prezidan nou tout Ayisyen yo vle di prezidan moun ki sipòte w yo e prezidan moun ki pa sipòte w yo. Misye, pafwa, konpòte l kòmsi li se Sweet Micky ki nan kare djaz Konpa Dirèk li a k ap di betiz sou stage.
Dam nan se yon “heckler” li ye. Sa l fè a fèt tout tan wi isit Ozetazini –lè Obama, Bill Clinton, Hillary, G. W. Bush, Dick Cheney, elatriye ap adrese yon foul. Men yo toujou aji avèk sivilite pou yo jere sitiyasyon an. Ou pa p wè yo ki tonbe nan nivo ba sa a ap di moun nan vye pawòl lèd e san sans.
Gade videyo sa a kòm ekzanp pou nou ka wè ki jan Prezidan Obama avèk ansyen Prezidan G. W. Bush jere yon fanm ki vin “heckle” yo tou 2 a pandan ke yo t ap bay yon diskou. Ni youn ni lòt pa di dam nan vye mo ki soti nan bouch yo. Jan yo jere dam nan avèk sivilite e pwofesyonalism la, se konsa Prezidan Martelly sipoze jere “hecklers” yo pwochèn fwa li ta rankontre avèk youn.
Kote òganizasyon sa yo ki di ke y ap goumen pou dwa fanm yo respekte andedan peyi a? Kote fanm ki swadizan rele tèt yo lidè politik yo nan peyi a? Èske se tout bon nou la pou n defann dwa fanm yo vre nan sosyete a?
Se pou òganizasyon fanm yo k ap milite pou dwa fanm yo respekte nan peyi a mobilize yo pou yo ekzije Prezidan Martelly prezante ekskiz a dam nan e a tout nasyon an pou lòbèy sa a ke li fè. Bagay sa a inakseptab, e li rive twò lwen.
Mesye dam politisyen yo ki nan swadizan opozisyon an pa di anyen. Yo tout fè kòmsi yo pa wè, yo pa tande. Yo kanpe nan lin y ap tann lajan kanpay nan men Martelly ak K-Plim pou yo ka vòlè.
Kote Edmonde Beauzile, antan ke yon fanm, nan dosye sa a? Depi pati li a jwenn djòb nan gouvènman an pou moun li yo, pa gen pwoblèm, pa gen lòbèy, pa gen dezòd k ap fèt nan gouvènman an ankò… tout pwoblèm, tout lòbèy, tout dezòd rezoud. Manmzèl fèmen bouch li, li fèmen zòrèy li, li fèmen zye li paske li jwenn sa l t ap chèche a –li jwenn djòb nan gouvènman an pou moun ki nan pati Fusion li a.
Poze tèt nou kesyon sa a: si se te yon prezidan Ameriken ki t ap deplimen yon fanm Amerikèn konsa paske fanm nan “heckle” li, kòman sosyete Amerikèn nan, klas politik Amerikèn nan ak laprès Amerikèn t ap reyaji?
Èske derespekte fanm se yon karakteristik kiltirèl sa ye nan kilti pa noumenm Ayisyen? Nan pi wo nivo nan leta a, y ap derespekte fanm an piblik.
Yo ta di m se Prezidan peyi m nan ki fè yon derapaj konsa, m t ap di se pa vre paske m konnen pèp Ayisyen an se youn nan pèp yo rekonet ki gen anpil lizaj lakay li.
Derespekte yon fanm se derespekte tout fanm. E derespekte tout fanm se derespekte tout nasyon an. Alòs se yon bagay ki inakseptab e entolerab konpòtman Prezidan Martelly afiche nan Miragwan nan.