Entènèt la Bay Lang Kreyòl Ayisyen an Anpil Jarèt

Kreyol Nou Ye

Elèv lekòl k ap aprann an Kreyòl sa y ap aprann nan lekòl la

Entènèt la vin bay Kreyòl la anpil jarèt. E m renmen ekstansyon ke lang la ap pran an. Nan yon sans, m te kapab di ke Ayisyen an mete Fransè a sou ban rezèv pou lè li bezwen l.

Tan lontan an, tan kote si w pa pale Fransè Mawon an yo pa konsidere w kòm moun nan, tan sa a sanse ap retire kò l pitipiti. Moun ou wè ki gen santiman sa a lakay yo toujou yo se granmoun lontan yo pou laplipa. Men jèn yo pa gen pwoblèm sa a. Okontrè, si w pa pale Kreyòl avèk yo lè w ap adrese w avèk yo, yo kategorize w kom yon zuzu. E depi yo plake etikèt zuzu sa a sou do w, ou vin parèt tankou yon ridikil, yon moun k ap fè enteresant nan sosyete a.

Kreyòl la vin kraze tout baryè sikolojik ki te lakay Ayisyen an, ki te fè l pè di sa l santi, sa k nan kè l, e sa k nan panse l an Fransè; li te pè pou l pa t fè fot gramatikal ak sirèt lè la p pale pou moun pa t fè blag sou li e pou yo pa t pran l pou moun sòt.

M gen 5000 moun pou pi piti sou paj Fesbouk mwen an, e m kapab di nou ke se trè, trè raman pou m jwenn yon pos ki ekri an Fransè k ap pase sou “News Feed” mwen an. An majè pati, Ayisyen an poste ide l an Kreyòl sou rezo sosyo yo.

Bon, ou gen dwa entwodui yon pos an Anglè oubyen an Fransè, epi konvèsasyon an oubyen deba a, pou laplipa, vire an Kreyòl. Epi sa w tande a, Kreyòl la ap layite kò l, l ap taye banda.

Jwèt la gen pou l vin pi bèl toujou nan men nou lè plan pou Kreyòl la vin zouti pedagojik pou yo aprann/enstwi/edike timoun nou yo nan lekòl vin yon reyalite.

M ap di mèsi pou entènèt la –espesyalman pou rezo sosyo yo, tankou Fesbouk, Twitè, Enstagram, elatriye –pou kontribisyon yo pote nan vilgarizasyon lang Kreyòl la, ki vin bay lang la plis jarèt ke li te genyen avan.

Anpil etranje ki sou paj Fesbouk mwen an, ki pa t janm te konn fè konesans avèk òtograf Kreyòl la nan vi yo, se gras a entènèt la ki vin ekspoze yo avèk li.

Avèk entènèt la, tout manti kapab. Li klè tankou se dlo kokoye ke lang Ayisyen an se Kreyòl li rele; li pa ni Fransè, ni Anglè, ni Panyòl. Sa k pa kontan, ale kaladja nan fènwa.

One comment on “Entènèt la Bay Lang Kreyòl Ayisyen an Anpil Jarèt

  1. Nan lot faz la, n’ap rele lang nan Ayisyen kareman.
    Paske gen lot peyi ki rele lang pa yo Kreyol tou. Men le y’ap pale, mwen menm kom Ayisyen, mwen pa kwe mwen konprann 50% nan sa y’ap di.
    Donk gen yon problem vokabile la’a: nou pa ka sevi ak menm mo wa pou dekri, pou nonmen 2 bagay ki si diferan.
    Donk, kom nou lonje, an nou tou prolonje. An nou rele lang ayisyen yan Ayisyen menm jan lang Shinwa rele Shinwa, lang japone rele japone, lang ris rele Ris, e latriye…Mwen se Ayisyen, mwen pale Ayisyen, Mesi.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s