Pa Gen Fè Moun Mal Nan Relijyon Vodou a

OLYMPUS DIGITAL CAMERA

Nan Vodou a, menm jan ak tout lòt relijyon ki ekziste sou tè a, gen moun ki gen bon kè e gen moun ki mechan. Sa pa vle di ke moun nan k ap fè sa k mal la se relijyon Vodou a ki fè l ap fè l.

Se menm jan avèk denominasyon Katolik la, ki te ankouraje e esponnsorize lesklavaj, yon sistèm malveyan, mechan, malfektè, elatriye. Èske m ka di ke se relijyon Kretyèn nan ki fè moun yo t ap pratike l? Non, m pa ka di sa. Fò k m ta yon inyoran sèlman pou m ta di yon bagay konsa. Alòske te gen Katolik nan tan lesklavaj ki te kont lesklavaj. Se sa ki fè ke ou pa ka kondane relijyon Kretyèn nan. Si w ap kondane, se pou w kondane moun mechan sa yo ki t ap pratike lesklavaj la nan relijyon an.

Al Qaeda [Bin Laden avèk gwoup Mizilman parèy li yo], ki fè anpil mal nan non Allah ak Islam. Èske poutèt sa m ka kanpe pou m di ke Islam se yon relijyon malfektè, teworis li ye? Non, m pa ka di sa. Pandan ke Al Qaeda ap teworize moun nan non Allah ak Islam, w ap jwenn Mizilman parèy li k ap kondane zak teworis yo, k ap di ke pa gen jan de zak sa yo nan Islam, ki se yon relijyon k ap preche lanmou, amoni ak lavi.

Ku Klux Klan, yon òganizasyon Kretyèn ki fè moun Nwa yo anpil mal isit Ozetazini [li gen anpil malfektè Blan ladan l], èske m ka chita pou m di ke se relijyon Kretyèn nan ki pa bon pou sa? Non, m pa ka di yon bagay konsa. Fò k m ta yon inyoran gwo zago sèlman pou m ta repete yon betiz parèy.

Hitler, ki touye apeprè 6 milyon Jwif nan peyi Almay, se yon Kretyen misye te ye. Èske m ka baze m sou zak malfektè, zak kriminèl li a pou m di ke relijyon Kretyèn nan se yon relijyon k ap fè mal, yon relijyon k ap touye moun li ye? Non, m pa ka di sa. Fò ke m ta yon inyoran gwo zago sèlman pou m ta repete yon betiz parèy.

Vodou a pa gen fè moun mal ladan l. Se yon relijyon –menm jan ak tout relijyon ki ekziste –k ap simaye lanmou, laverite, Vodou Blanlajistis, linyon, lapè, demokrasi, amoni ak lavi, ke nou jwenn nan pawòl Granmèt la. Sèl diferans ki genyen ant Vodou a ak lòt relijyon yo sè ke Vodou a se relijyon pa noumenm Ayisyen li ye, lòt yo se relijyon pèpè ke Blan Koumann pote bay nou pou yo fè nou rayi pwòp tèt nou, pou yo fè nou kwè ke nou enferyè, e pou yo ka kenbe nou nan lesklavaj mantal.

Alòs, nan tout relijyon, relijyon Vodou a se youn ladan yo, w ap jwenn bon ak move moun. Se noumenm lèzòm ki konsa. Lè malfektè a fè zak mechanste li a, sa pa vle di ke se relijyon li ladan li a ki pa bon. Pou m ta di sa, fò ke tout moun alawonnbadè ki nan relijyon an ta malfektè. Se sa ki fè ou pa ka defini yon relijyon an fonksyon de zak kèlke moun mechan, kèlke malfektè ki nan relijyon an ap komèt. Se pa relijyon an ki pa bon, se pito kè noumenm lèzòm ki nan relijyon an ki pa bon, e se sa ki pòte nou a fè frè ak sè nou yo mal.

Anpi pawòl degrenngòch, pawol tèt anba ke nou te konn abitye tande e nou kontinye ap tande sou Vodou a pa chita sou anyen. Pawòl sa yo fè pati de yon kanpay pwopagann kont Vodou a, ke moun Pwotestan yo ak moun Legliz Katolik yo, nan tèt kole avèk gouvènman restavèk Blan ke nou te konn abitye genyen yo, t ap fè mache andedan peyi a pou te ratibwaze relijyon Vodou a, relijyon pèp Ayisyen an, sou bout tè sa a ke zansèt nou yo te mouri kite pou nou an.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s