Anpil Fanm Ayisyèn ap Pote Gason Ayisyen Sou Do Nan Peyi Etranje

Bagay yo genlè chanje. Nan tan lwenten, se gason wi ki te konn soti ale travay pou fè lajan pou kay la ka byen jere. Fanm nan, pou laplipa, te rete lakay pou jere kay la –pran swen kay la, fè manje epi jere timoun yo. Tout bagay t ap byen mache.

Tan sa a vin pa aplikab ankò. Medam yo vin revòlte nan kouran ide mouvman feminis la, yo di yo ka fè tout sa gason ka fè, alòs si gason an ka soti ale travay fè lajan pa li a, yo ka soti ale fè lajan pa yo a tou… yo pa p vin chita fè domestik gason, pou gason ap okipe yo… yo bezwen libète ak endepandans finansyè pa yo tou. M pa gen pwoblèm ak kouran ide sa a non, espesyalman lè lajan gason an ap fè nan travay la pa ase pou jere fanmi an. Se konsa bagay yo vin ye, nou aksepte l konsa.

Lemond vin tounen alanvè kounyè a; se fanm yo ou jwenn k ap kraze kò yo, ap bourike, ap fè 3 djòb, ap travay epi gason yo ap bandine.

Lè gason yo pa ale travay konsa a, ou panse yo t ap rete andedan an jere kay la, fè manje, okipe timoun yo, ede timoun yo avèk devwa lekòl yo, pa vrè? Nope, pa gen bagay konsa. Yo abiye yo byen fen chak jou Bondye mete pou y al chita nan baz ak zanmi –bwè tafya, jwe jwèt, pale tenten, pèdi tan… oubyen yo sou Fesbouk ap tcheke fanm [yo gen fanm tout kote, nan tout peyi].

Petèt mwen “old school” ki fè ke m pa ka konprann konsèp sa a. M pa ka konprann ki jan pou yon jèn gason [se pa malad ou malad] fè chwazi pa p travay, pa p leve ni lou ni lejè, chita pou se fanm k ap okipe w. Bon, petèt nivo flannè nèg sa yo fè fanm nan wè ke pou l kenbe modèl nèg sa yo nan vi li, fòk se okipe pou l okipe yo. Genlè se sa ki eksplike fenomèn sa a. M pa konprann non mwen.

Anpil jèn gason nan peyi isit chwazi pa p travay, chita fè flannè pou fanm ap okipe yo. Epi medam yo ta sanble pa gen 5 kòb pwoblèm ak sa.

Ebyen, si se konsa bagay la vin ye jodi a, ki moun Emann ta ye pou l panse li ka vin chanje sa? Emann, poze w tande pou medam sa yo pa fout ou yon pli jouman gwo jodi Samdi sa a; yo byen renmen afè yo konsa. Sa w ap chèche nan men medam sa yo a, w ap jwenn li tande. M pa le w. Se yo wi ki konn pafwa di nèg yo pa ale travay. Alòs, ki sa w ap vin di la a? Pwoblèm w ap chèche bay kò w ak medam sa yo tande. Pale de yon lòt dosye pito.