Prezidan Martelly Di Yon Fanm Ayisyèn Nan Miragwan Pou Li Ale Nan Raje Pou Yo Wonfle Bouda l ak Bwa

Fanm Ayisyen

Prezidan Martelly deraye nèt wi. Misye pa gen okenn dwa pou li di dam nan sa li di li a poutèt dam nan vin “heckle” li pandan ke l ap fè kanpay pou kandida PHTK li yo nan vil Miragwan.

Dam nan nan tout dwa l pou li “heckle” Prezidan an wi. Se konsa li jije nesesè pou li vin manifeste mekontantman li pou jan li wè bagay yo ap fèt nan peyi a. Alòs, li nan tout dwa sivil e politik li pou li vin manifeste nan kanpay Prezidan Martelly ap fè a pou li ka fè pase mesaj pa li a. Li pa fè anyen ki mal.

Pafwa, Prezidan Martelly genlè bliye si l se prezidan nou tout 10 milyon Ayisyen yo wi. Prezidan nou tout Ayisyen yo vle di prezidan moun ki sipòte w yo e prezidan moun ki pa sipòte w yo. Misye, pafwa, konpòte l kòmsi li se Sweet Micky ki nan kare djaz Konpa Dirèk li a k ap di betiz sou stage.

Dam nan se yon “heckler” li ye. Sa l fè a fèt tout tan wi isit Ozetazini –lè Obama, Bill Clinton, Hillary, G. W. Bush, Dick Cheney, elatriye ap adrese yon foul. Men yo toujou aji avèk sivilite pou yo jere sitiyasyon an. Ou pa p wè yo ki tonbe nan nivo ba sa a ap di moun nan vye pawòl lèd e san sans.

Gade videyo sa a kòm ekzanp pou nou ka wè ki jan Prezidan Obama avèk ansyen Prezidan G. W. Bush jere yon fanm ki vin “heckle” yo tou 2 a pandan ke yo t ap bay yon diskou. Ni youn ni lòt pa di dam nan vye mo ki soti nan bouch yo. Jan yo jere dam nan avèk sivilite e pwofesyonalism la, se konsa Prezidan Martelly sipoze jere “hecklers” yo pwochèn fwa li ta rankontre avèk youn.

Kote òganizasyon sa yo ki di ke y ap goumen pou dwa fanm yo respekte andedan peyi a? Kote fanm ki swadizan rele tèt yo lidè politik yo nan peyi a? Èske se tout bon nou la pou n defann dwa fanm yo vre nan sosyete a?

Se pou òganizasyon fanm yo k ap milite pou dwa fanm yo respekte nan peyi a mobilize yo pou yo ekzije Prezidan Martelly prezante ekskiz a dam nan e a tout nasyon an pou lòbèy sa a ke li fè. Bagay sa a inakseptab, e li rive twò lwen.

Mesye dam politisyen yo ki nan swadizan opozisyon an pa di anyen. Yo tout fè kòmsi yo pa wè, yo pa tande. Yo kanpe nan lin y ap tann lajan kanpay nan men Martelly ak K-Plim pou yo ka vòlè.

Kote Edmonde Beauzile, antan ke yon fanm, nan dosye sa a? Depi pati li a jwenn djòb nan gouvènman an pou moun li yo, pa gen pwoblèm, pa gen lòbèy, pa gen dezòd k ap fèt nan gouvènman an ankò… tout pwoblèm, tout lòbèy, tout dezòd rezoud. Manmzèl fèmen bouch li, li fèmen zòrèy li, li fèmen zye li paske li jwenn sa l t ap chèche a –li jwenn djòb nan gouvènman an pou moun ki nan pati Fusion li a.

Poze tèt nou kesyon sa a: si se te yon prezidan Ameriken ki t ap deplimen yon fanm Amerikèn konsa paske fanm nan “heckle” li, kòman sosyete Amerikèn nan, klas politik Amerikèn nan ak laprès Amerikèn t ap reyaji?

Èske derespekte fanm se yon karakteristik kiltirèl sa ye nan kilti pa noumenm Ayisyen? Nan pi wo nivo nan leta a, y ap derespekte fanm an piblik.

Yo ta di m se Prezidan peyi m nan ki fè yon derapaj konsa, m t ap di se pa vre paske m konnen pèp Ayisyen an se youn nan pèp yo rekonet ki gen anpil lizaj lakay li.

Derespekte yon fanm se derespekte tout fanm. E derespekte tout fanm se derespekte tout nasyon an. Alòs se yon bagay ki inakseptab e entolerab konpòtman Prezidan Martelly afiche nan Miragwan nan.

Ki Sa Ki Lakoz Dola Ameriken an Chè konsa nan Peyi a?

Dola

Jounen jodi a, goud la, ki se lajan peyi d Ayiti a, ap pèdi pye andedan peyi a. Daprè sa nou aprann de Bank Santral peyi d Ayiti a, si ou pa gen 56.50 goud nan men w, ou pa ka achte 1 dola Ameriken. Ki sa ki lakoz dola Ameriken an ap vann tèt nèg konsa?

An n gade dosye sa a daprè yon konsèp ekonomik “supply and “demand,” ke nou tout sa yo ki te gen chans pran kou ekonomi nan inivèsite konprann trè byen.

Lè pa gen ase nan yon pwodwi [supply] sou mache a, akoz de kantite moun ki dèyè achte pwodwi sa a [demand], pou w kapab dekouraje moun yo [demand la], ou monte pri a [pri a ka monte byen wo pou jistan ou jwenn “threshold” k ap bay “equilibrium” ant “supply” ak “demand” la sou mache a.

Alòs, sa k fè dola a chè a se paske pa gen ase dola k ap sikile nan ekonomi a.

Emann Joasil, kòman fè pa gen ase dola nan ekonomi an, ki sa ki ka lakoz sa, hen?

Bèl kesyon! Gen plizyè bagay ki ka lakoz pa gen ase dola k ap sikile nan ekonomi an. M pral bay ou kèk ladan yo:

1. lè w pa pwodwi pou w ekspòte pou lajan kapab antre nan ekonomi an, sa lakoz pa gen lajan ki pou satisfè “demand” la;

2. lè Dyaspora pa voye lajan akoz de sitiyasyon ekonomik difisil ke l ap viv la, vin pa gen ase lajan nan ekonomi an ki pou satisfè “demand” la [lè Dyaspora a gen yon tous ekonomik k ap deranje l, Ayiti limenm fè sa yo rele yon tibèkiloz ekonomik];

3. lè administrasyon Martelly a ap depanse san kontwòl nan yon dal lòbèy ki pa gen okenn potansyalite ekonomik, lajan pati kite ekonomi an ale lòtbò dlo [paske majorite bagay ke lajan an achte pou fè e òganize bagay sa yo se enpòte yo enpòte yo];

4. lè pa gen envestisè ki pou vin envesti nan ekonomi an akoz de enstabilite politik ke Martelly ak K-Plim kreye nan peyi a, vin pa gen lajan k ap brase nan ekonomi an ki pou pèmèt ke demand pou dola Ameriken an satisfè;

5. lè moun pa antre vin vizite peyi a –akoz de enstabilite politik ke SELEKSYON Martelly ak K-Plim pral lage nan peyi a –sa fè pa gen ase dola k ap brase nan ekonomi an ki pou satisfè “demand” la;

6. lè tout moun sere lajan yo pou yo pa envesti nan ekonomi an akoz de “uncertainty” ki kreye akoz dezòd ak lòbèy ki pral genyen nan peyi a akoz SELEKSYON Martelly ak K-Plim pral fè yo, sa a fè ke pa gen ase dola nan ekonomi an ki pou satisfè demand la.

Ki sa ki pou fèt pou korije sa? Anyen! Nou pa ta sipoze rive la. Sa a se twòkèt la sa… an nou swete ke nou pa janm wè chay la ki dèyè a.

Pa gen okenn solisyon a kou tèm ke w ta konte pran ki pa p vin pi anpire sitiyasyon an a la long. Alòs, kèlkeswa solisyon an, li sipoze long tèm.

Sa n ap viv la a, li pa yon bagay ki parèt bripsoukou non… se tout yon seri de aksyon e desizyon finansyè, ekonomik e politik iresponsab ki vin bay nou l. Alòs se pou n korije erè nou yo pou n ka arive mete ekonomi nou an kanpe sou pye l pou dola a vin ap sikile kòmsadwa pou ke lwa ekonomik “supply and demand” la vin regilarize e estabilize dola Ameriken an sou mache a.

Platfòm Pitit Desalin Se Yon Òganizasyon Rasis

Yon gwoup sipòtè ap leve anlè Senatè Moise Jean-Charles, lidè Platfòm Pitit Desalin an

Yon gwoup sipòtè ap leve anlè Senatè Moise Jean-Charles, lidè Platfòm Pitit Desalin an

Estrikti politik sa a ki rele PLATFÒM PITIT DESALIN an, ki gen Moise Jean-Charles kòm lidè li, depi sou jan li rele a, nou di ke li se yon gwoupman rasis ki fonde sou yon filozofi rasis.

Òganizasyon politik sa a pran nesans apati de eslogan politik rasis sa a –Pitit Desalin kont Pitit Petyon –ke moun opozisyon #Lavalas yo te konn ap klewone nan manifestasyon rache manyòk yo te konn ap fè nan lari Pòtoprens yo.

Eslogan “Pitit Desalin kont Pitit Petyon” sa a vle di ke moun sa yo ke po yo nwa nan sosyete a se pitit Desalin, e moun po klè yo [grimo ak grimèl yo] se pitit Petyon. Alòs moun po nwa yo pa fèt pou danse kole ak moun po klè yo; moun po nwa yo sipoze konsidere tèt yo kòm ènmi moun po klè yo.

N ap mande pou tout Ayisyen alawonnbadè kanpe lwen gwoupman politik sila. Nou pa nan danse kole avèk okenn òganizasyon oubyen politisyen rasis k ap chèche mete divizyon nan mitan nou pou yo ka regle zafè pèsonèl zwit yo.

Yo di y ap fè avanse ideyal Papa Desalin an, men sa yo pa arive konprann sè ke Papa Desalin pa t janm kont pitit tè a –ke li te ti wouj, ke li te ti nwa.

Papa Desalin te yon rasanblè, yon moun ki t ap rale tout kalite moun vin sou li. Misye se te yon Papa bon kè ki te kont enjistis, divizyon, chirepit, destabilizasyon, rayisans, elatriye. Alòs m pa wè kijan y ap fè avanse rèv Papa Desalin an pandan ke se divizyon sou baz rasyal oubyen etnik y ap pouse pou pi devan nan sosyete a.

Nou tout nan sosyete a pa ka sanble menm jan; nou tout nan sosyete a pa ka gen menm koulè po; nou tout nan sosyete a pa ka nan menm klas sosyal; nou tout nan sosyete a pa ka nan menm nivo sosyoekonomik. Divèsite pa janm fè tò a limanite. Okontrè, divèsite se pito sous lavi a.

Nan moman sa yo ki sot pase la yo, nou tande tout kalite de pawòl. Nou tande “Desalin pral kay Petyon;” nou tande “Desalin pral bwè soup joumou kay Petyon;” nou tande “Desalin pral chèche kado Nowèl kay Petyon.” Se komsi yo vle di nou gen 2 Ayiti –youn pou pitit Desalin yo [moun po nwa yo] epi lòt la pou pitit Petyon yo [moun po klè yo].

Jan de pawòl demagojik, pawòl rasis, pawòl tèt anba, pawòl degrenngòch sa yo, nou te konn tande yo nan diskou Aristide yo deja [nèg anba kont nèg anwo; ti nwa kont ti wouj; nèg tèt grenn kont nèg cheve siwo; wòch nan solèy kont wòch nan dlo]. Se vye pawòl divizyon sa yo ki mete peyi a nan sa l ye jounen jodi a. Depi 1991 nou te koupe fache avèk pawòl sa yo, yo pa p retounen nan figi nou ankò.

Se nan lane 2014 nou ye wi, mezanmi. Nou pa panse li lè pou nou rele sou kò nou? Nou pa ka kite Moise Jean-Charles, yon eleman ki pa wè pi lwen pase pwent nen li, ap fè nou fè tenten. Si n ap chèche yon moun ki pou lidè nou, omwen, chèche yon moun ki eklere, ki wè pi lwen pase pwent nen li, ki gen lanmou nan kè l tankou Papa Desalin, e ki pa rasis.

Nou se yon sèl pèp ki kondane pou nou viv ansanm. Nou se yon sèl nasyon ki soude youn ak lòt an depi de diferans sosyoekonomik, filozofik, ideyolojik, relijye ak etnik nou. Plis nou rete ini, se pi djanm n ap vin pi djanm.

Nou sèmante 77 fwa 7 fwa pou n pa kite okenn òganizasyon politik bidon oubyen politisyen tèt chat vin mete nou dozado. Se nan tèt kole, lapè ak fratènite n ap jwenn wout pwogrè ak devlopman dirab la, ke n ap chèche depi digdantan an.

Platfòm Pitit Desalin sa a se yon òganizasyon rasis ke li ye. Li pa p mennen nou okenn kote ki pi bon ke nan tchouboum sa a ke nou ye jounen jodi a. Se kèk atoufè ak brasè ki mete kanpe yon gwoupman politik bidon pou yo ka regle zafè pèsonèl yo sou do pèp. Si nou entelijan, e m konnen nou entelijan, n ap bay òganizasyon politik bidon sa a yon bwa long kenbe.

Pa Ka Gen Demokrasi Ak Devlopman San Opozisyon Politik

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt ke gouvènman Martelly-Lamothe la pa gen nan men l solisyon a tout pwoblèm peyi a. Alòs, nou rekonèt fòk gen yon opozisyon ki solid nan demokrasi nou an.

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt fòk gen yon opozisyon ki djanm pou peyi a kapab vanse pou pi devan.

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt ke pa ka gen demokrasi ak devlopman san opozisyon.

Kesyon ke nou sipoze poze tèt nou se, “ki modèl opozisyon ke nou bezwen pou peyi nou an?”

Sa a se yon bèl kesyon, e m pral pran san m pou m byen reponn li. Nou bezwen yon opozisyon ki eklere, yon opozisyon modèn, yon opozisyon k ap kontribye nan devlopman peyi a, yon opozisyon k ap pwopoze fason ke yo panse ki pibon pou nou rezoud pwoblèm yo, yon opozisyon ki kwè nan antame bon jan deba politik pou nou jwenn fason ki pi fè sans pou nou abode pwoblèm ke sosyete a ap viv yo. Se modèl opozisyon sa a ke nou bezwen.

Nou fin ba w ki modèl opozisyon ke nou bezwen pou peyi a, kounyè a nou pral di w ki modèl opozisyon ke nou pa bezwen pou peyi a.

Nou pa bezwen yon opozisyon k ap kraze brize tout sa nou konstwi pou yo fè nou fè “back” pandan ke lemond ap vanse.

Nou pa bezwen yon opozisyon k ap fè dechoukay, k ap dekouraje envestisè Ayisyen tankou etranje pou yo vin envesti nan ekonomi nou an pou yo kreye travay bay pèp la travay [fòk nou konnen ke pa ka gen devlopman san travay, e pa ka gen travay nan fè dechoukay].

Nou pa bezwen yon opozisyon ki kwè nan rache manyòk, ki vle pran pouvwa a san li pa ale nan eleksyon [fòk nou konnen ke enstabilite politik se yon kansè manjezon sa ye pou devlopman yon peyi].

Nou pa vle yon opozisyon k ap bloke peyi a, k ap lage gravwa nan manje a [pou tout 10 milyon Ayisyen yo pa jwenn li pou yo manje] jis paske pèp la voye jete altenativ rache manyòk yo a.

Nou pa vle yon opozisyon k ap divize nasyon an sou yon baz de koulè po -k ap pale de ti wouj kont ti nwa, alòske lè lidè opozisyon an bezwen marye, se fanm ti wouj yo pran pou yo marye [sa a rele demagojikopopilis].

Nou pa vle yon opozisyon politikodemagojik, k ap divize nou sou baz sosyoekonomik [lidè opozisyon an ap pale de nèg anwo kont nèg anba, sepandan se anwo yo monte pou yo bati chato pou yo rete].

Nou se yon sèl pèp… se pou nou mete tèt nou ansanm, andepi de diferans politik e ideyolojik nou, pou nou fè peyi nou an mache. Li lè li tan pou noumenm Ayisyen nou ouvè je nou pou nou ka wè ki kote enterè nou ye. Enterè nou pa nan fè demagoji politik, zigzani ak chirepit; li nan chita tèt frèt pou n ap poze pwoblèm yo, pou nou tout [pouvwa a ansanm ak opozisyon an] ap brase lide nan dyalog ak bon jan deba san demagoji, ki reyèl, onèt e serye pou nou kapab rezoud yo. E lè nou rezoud yo, se peyi a nou fè byen, se pèp la nou fè byen.

Lavalas: Rache Manyòk Pimal Pase Kolera

Lavalasyen frè ak sè mwen yo sipoze sispann pèdi tan yo nan yon mouvman rache manyòk ki pa p abwouti a anyen, e yo konnen sa pibyen pase m paske reyalite jeopolitik nan mond la pa p pèmèt sa fèt. Alòs, olye ke yo chita ap envesti tout tan ak enèji yo nan yon mouvman ke pèson moun pa ka wè ki kote yo pral avèk li, m panse li t ap fè plis sans pou yo ta fikse zye yo sou 2016 –ki, dayè, pa twò lwen –pou yo komanse ap prepare yo pou yo pran pouvwa a.

M pa p ba nou manti… bagay rache manyòk yo a ap fè anpil moun kanpe lwen yo, espesyalman lè yo pa gen okenn altènatif a Prezidan Martelly. Yo pa janm kapab di kisa k ap vini aprè rache manyòk yo a –pou evite peyi a tonbe nan yon tchouboum ki san fen.

Mouvman rache manyòk la, ke moun Lavalas yo lanse andedan peyi a, bagay sa a pimal pase kolera ki t ap touye pitit pèp la nan kat kwen peyi a tèlman li pa bon. Li se yon manjezon ki vin pou detwi nou. Alòs fòk se enbesil sèlman pou noumenm –ki gen yon sèvo pou nou reflechi –ta enbesil pou nou ta monte nan batiman rache manyòk yo a avèk yo. Si yo vle ale nwaye tèt yo sou dlo a, sa a se zafè k gade yo. Men yo pa p jwenn moun tankou m ki pou swiv yo.

Moman an rive pou nou mete emosyon nou akote, pou nou itlize sèvo nou pou nou fè bagay yo yon lòt jan. Ou pa pran desizyon [sitou desizyon ki gen a wè ak peyi] nan emosyon ak voye monte. Dosye sa a twò serye pou nou antre nan kalonnen, voye monte avek li.

Prezidan Martelly ap fè 5 lane li a san manke yon yota. Aprè sa, l ap òganize eleksyon pou nou asire kontinwite demokratik la kòmsadwa.

Prezidan Martelly gentan antre nan dezyèm pati manda li a. Li pa rete anpil tan pou li fini epi pou nou antre nan eleksyon. Avan nou bat je nou, l ap gentan lè pou nou kòmanse ap chofe nou ak soulye foutbòl nou nan pye nou, abiman nou sou nou pou nou ale monte teren eleksyon an pou n al chwazi pwochen prezidan an ki pral pran mayèt la nan men Prezidan Martelly a.

Lavalasyen frè ak sè mwen yo sipoze ap travay kounyè a nan mete bon estrikti nan pati yo a, devlope estrateji pou yo kapab rale moun sou yo. Si yo pa fè travay preparasyon sa yo kounyè a la, olye yo chita ap gaspiye tan nan rache manyòk, kilè y ap kòmanse fè l? Y ap tann se lè eleksyon pral fèt pou yo fè l? Lè sa a, l ap twò ta. Si ou bezwen pran pouvwa a tout bon vre nan eleksyon [aprè Prezidan Martelly], se depi kounyè a wi pou w mete w sou travay.

Eleksyon prezidansyèl 2016 la sipoze enteresan, istorik ak san konparezon nan eksperyans demokratik nou antanke yon nasyon. Nan espri sa a, nou fèt pou nou ankouraje meyè nan jèn politisyen nou yo pou yo antre fon nan batay la pou yo kouri pou prezidan. Sa ap pèmèt nou bay deba politik ki gen pou fèt yo nan sosyete a bon jan jarèt, e se sa a tou k ap pèmèt noumenm antanke sitwayen avize pou nou kapab fè yon chwa ki eklere pami jèn kandida sa yo ki gen pou kouri pou chèz boure a. Nou sipoze chwazi pami jèn politisyen sa yo kandida ki pi kapab la e ki montre nou ke [de pa kalifikasyon e eksperyans li] li kapab kontinye kondi peyi a sou wout devlopman an.

Ala bèl sa ta bèl pou n ta gen sou tab jwèt la kandida tankou Laurent Lamothe, Dr. Garry Conille, Edmonde Supplice, elatriye pou nou chwazi pami yo moun ki gen pou ranplase Prezidan Martelly a –aprè manda li a fini an.

Se pou nou sispann antre tèt nou nan lojik fè politik demagojik nèg yo toujou renmen fè a –pou nou serye avèk pèp la. Nou sipoze angaje nou nan antame bon deba politik ki fè sans –kote n ap ekspoze pwoblèm yo, n ap debat altènatif yo epi n ap chwazi ki altènatif k ap pibon pou peyi a.

Popilism se yon bagay ki trè danjere pou peyi a; se yon manjezon sa ye paske li toufe tout posiblite pou bon deba serye pran jarèt nan sosyete a. E depi nou pa ka byen debat pwoblèm yo kòmsadwa, n ap pran vye desizyon tèt chat k ap mete nou nan kouri pita.

Sa k bay demokrasi jarèt se posiblite ke tout moun alawonnnbadè nan sosyete a genyen pou yo ekspoze pwoblèm yo k ap brase bil sosyete a, pale de yo, analize yo, trete yo epi vin ak solisyon pou nou rezoud yo. Se konsa sa fèt isit Ozetazini ak tout lòt peyi nan mond la kote demokrasi ap byen mache e byen fonksyone.

OPINYON M SOU ZAFÈ PATRIC A. MARTELLY GARÓ A

Patric Alfredo Martelly Garo

Sou dosye PATRIC ALFREDO MARTELLY GARÓ a, Dominiken ki di ke se PREZIDAN MARTELLY ki papa li a, m ta renmen di sa m panse.

Depi nouvèl sila fin tonbe a, tout moun alawonnbadè se yon sèl bagay y ap mande: “Ou kwè se vre misye se pitit PREZIDAN MARTELLY?” Gen moun ki di li sanble ak prezidan an, gen lòt menm ki di li pa sanble avèk li.

Pou m di nou byen, m pa wè bagay ki pou ap fè tout pale anpil sa yo. Si syansifikman se PREZIDAN MARTELLY ki papa l vre, se pou prezidan an pran responsablite l, e m rete kwè ke l ap fè sa kòmsadwa.

Li posib ke jenòm Dominiken sila a se pitit PREZIDAN MARTELLY li ye. Men jiskaprezan, se rablabla tout moun ap rablabla. Nou pa kapab ap gade sou resanblans pou nou di ke se papa ak pitit yo ye. Se sèl lasyans ki ka mete verite sila deyò.

Ke jenòm Dominiken sila se pitit PREZIDAN MARTELLY ou pa, m panse nou sipoze sezi opòtinite sa a pou n poze yon gwo pwoblèm ki chita kwaze pye l sou lestomak peyi a, e pwoblèm sa gen pou l wè ak mesye sa yo k ap gwòs fanm adwatagoch yo san yo pap pran responsabilite yo -pou yo okipe timoun sa yo. Pwoblèm sila detwi anpil famiy, ki limenm afekte negativman sosyete pa nou an. Timoun pa janm fèt san papa, espesyalman lè n konnen se pa loray ki kale yo.

An nou sitye dosye sila nan kontèks sosyal li pou n ka byen trete l. PREZIDAN MARTELLY, se yon mizisyen ki te trè fame e popilè l te ye pandan plizyè lane, avan l te vin prezidan peyi a. Nou konnen kòman mizisyen Konpa sa yo chaje fanm. Tout kote yo pase, yo plen fanm -anplis de fanm sa ke yo di ki se fanm andedan kay yo a. E trè souvan, fòk nou di sa tou, se fanm yo menm wi k ap ouvè lekò, vole sou mizisyen yo tankou se poulpoul, menm lè mizisyen sa yo pa menm sou bò yo menm.

Kidonk, li trè posib pou yon mizisyen tankou PREZIDAN MARTELLY te fè yon pitit ak yon fanm san l pa menm konnen. M pap di sa pou m jistifye zak la non, pou m di l moral oubyen imoral. M pap rantre nan lojik sila. M sèlman fè apwòch sa a pou m ka ede nou mye konprann reyalite sosyal e kiltirèl peyi a nan milye mizikal Konpa Dirèk la.

Si tès ADN an ta pwouve ke vrèman PREZIDAN MARTELLY ta papa jenòm Dominiken sila a, m panse prezidan an ap pran responsablite l kòmsadwa. Sa tou kapab vin yon okazyon ki ka fè lòt gason ki ta nan menm sitiyasyon avèk li yo vin pran konsyans pou yo menm tou pran responsablite yo nan vi pitit sa yo ke yo genyen ak plizyè fanm tout kote e ke yo pa janm okipe.

Mwen, m ta nan plas PREZIDAN MARTELLY, se pa kontan sèlman m t ap kontan pou m wè m ta arive vin fè yon sèl ak yon pitit mwen ta genyen ak yon fi, ki, pandan plizyè ane, t ap viv lwen m e ki petet m pat menm konnen menm.

M konnen gen anpil nan noumenm Ayisyen ki, pou dè rezon politik, ap pwofite de revelasyon sila a pou n lanse toya sou prezidan an. M ap di nou pa prese jije paske noumenm tou kapab gen grenn zanno pa nou kay òfèv la. Lè bab kamarad ou pran dife, oumenm, mete bab pa w alatranp.

Majorite nan noumenm ki prèt pou kritike prezidan an, si m ta noumenm, m t ap fèmen bouch mwen. Se si latrin ak twourego te kapab pale sèlman pou yo ta arive jwenn dosye nou. Anpil restavèk ak bòn ki t ap travay lakay nou ke nou te gwòs, nou pran yo fè yo fè dilatasyon, yon fason pou n pran fèy kouvri sa. Pafwa menm, yo fè timoun an, men paske se restavèk oubyen bòn yo ye, nou pa menm okipe l menm, pandan ke timoun an ap leve san papa. Kidonk, m pa ta swete nou pran chans pou n ap voye premye kout wòch la. Si syantifikman, nou ka arive pwouve ke evidamman se PREZIDAN MARTELLY ki papa misye, se pou prezidan an pran chaj li pou l pote l jan nenpòt gason responb e onèt te kapab fè sa.