N ap Kore Joe LAMBERT pou Prezidan Sena Repiblik la

Ou pa p janm wè Mitch McConnell, Prezidan Sena Ameriken an, yon Repibliken, kanpe

Joe Lambert

Joe LAMBERT

ap chèche lage po mango anba pye Trump non.

Wòl misye, etan ke lidè Repibliken yo, ki an majorite nan Sena a, se pouse “legislative agenda” administrasyon Trump la. Li pa gen lòt responsablite sou do l.

Se sa ki fè avan ou wè administrasyon an voye yon “bill” pou yo vote nan Sena a, li menm avèk tout lòt lidè Repibliken yo nan Sena a, espesyalman “Majority Whip” la, John Cornyn, rankontre avèk gwo tèt yo nan Mezon Blanch la pou yo ka wè èske yo gen ase vòt pou “bill” la pase. Nan moman sa yo, anpil negosyasyon ap fèt avèk senatè yo, sitou sa yo ke vòt yo pa fin garanti a, pou yo ka konvenk yo pou yo vote pou “bill” la kapab pase. Lè y ap negosye avèk senatè sa yo, se lè sa a y ap mete oubyen retire nan “bill” la bagay ki pou rann senatè sa yo konfòtab politikman pou yo vote pou li.

Se konsa wi bagay yo dwe fèt nan kèl ke swa chanm nan –chanm sena a oubyen chanm depite yo. Se pou sa ou gen yon majorite nan yon chanm. E majorite a vote yon moun ki soti nan kan yo ki pou prezidan chanm sa a. Lè moun sa a vin prezidan chanm sa a, li pa la pou l kanpe nan opozisyon a pouvwa a.

Se sa ki fè nou di Youri LATORTUE pa gen plas li ankò nan tèt Sena a. Misye ap pratike yon vye politik tradisyonèl san sans, yon politik glise po mango anba pye Président Jovenel Moïse, pou li ka montre li entelijan, li se gwo tèt nan politik. Voye misye ale chita nan asanble a pou nou tanpri. Moun tankou misye yo, se la yo dwe ye –nan asanble a.

N ap kore Joe LAMBERT pou prezidan Sena Repiblik la. E si lè misye rive nan pòs la, li panse l ap vin pratike menm vye politik tradisyonèl san sans Youri LATORTUE t ap pratike a, nou menm jodi a k ap sipòte li a ap kanpe an fas li. Politik la dwe fèt yon lot jan –yon jan eklere.

Krèk Koko Te Ka Minis Tou

Krek Koko
Gen moun k ap di ke senatè yo pa gen CV minis yo nan men yo. De se fèt, Krèk Koko te ka minis tou. Sa yo di a se sa wi. Men pwoblèm nan se nan Konstitisyon peyi a li ye.
 
M ap di moun sa yo konsa ke Konstitisyon an pa mande pou minis yo “properly vetted” non. Li fè ekzijans sa a pou PM nan sèlman. Se rezon sa a ki fè nou toujou tande m di isit la ke Konstitisyon nou an se yon zatrap li ye. Tout pwoblèm peyi a soti nan Konstitisyon an.
 
Gen anpil chanjman nou swete wè ki pote andedan Konstitisyon an pwochèn fwa y ap amande l nan Paleman an. Men sa nou menm nou pwopoze:
 
1. Elimine pòs PM nan jan li ye la a. Kandida pou pòs prezidan an ap anrejistre nan KEP a avèk tout PM li. Se responsablite KEP a pou li “vet” moun sa yo avan li otorize yo fè kanpay. Kandida a ap mennen kanpay avèk moun sa a k ap PM li a. Konsa, lè pèp la vote prezidan an, nou tou konnen ki moun k ap PM nan.
 
2. Tout minis sa yo ke PM nan ap chwazi a dwe jwenn ratifikasyon yo youn aprè lòt nan Sena a sèlman –yo pa nan pase devan Chanm Depite. Se yon tan pedi sa ye.
 
Se wòl senatè yo pou yo “properly vet” minis yo avan yo ratifye chwa sa yo. Konsa, n ap konnen si minis yo konpetan, kalifye e onèt pou yo vin sèvi peyi a nan jan PM nan vle yo vin sèvi peyi a. E sa dwe fèt tou pou tout sekretè deta ak direktè jeneral ke PM nan ap gen pou l chwazi yo.
 
3. Nou dwe chanje tèm prezidans la. Se pou nou pèmèt ke yon prezidan kapab brige 2 manda 5 lane youn dèyè lòt. An nou serye avèk tèt nou. Ki sa yon prezidan ka reyalize vrèman nan 5 lane? Pa gran choz non. Men si li konnen li ka mande pèp la yon lòt manda atravè reeleksyon, l ap fè tout sa li kapab pou li delivre nan premye manda li a pou li vin konvenk pèp la pou yo bay li yon chans pou li vin fini sa li komanse yo.
 
4. Zafè dechaj la pa dwe gen anyen pou li wè avèk Paleman an. Depi nou mete Paleman an ladan l, li vin yon demach politik, alòske se yon demach teknik li dwe ye. Se manb nan enstitisyon finansyè yo nan Leta a ki dwe sèvi kòm yon “board” ki pou bay ansyen fonksyonè Leta yo dechaj.
 
M panse jan de chanjman sa yo nan estrikti gouvènmantal peyi a ap ede anpil nan bon fonksyonman gouvènman an e nan benefis Leta nou an.

Pa Vote Grapyay, Chalatan, Betizè, Ransè, Azizwèl ak Zagribay

Liberi, menm jan avèk Ayiti, se yon peyi ki t ap andire anpil gwo pwoblèm ekonomik e politik. Pou rezoud pwoblèm ekonomik e politik sa yo, Liberyen yo pa ale chèche grapyay, chalatan, betizè, ransè, azizwèl ak zagribay non pou yo mete nan tèt peyi a; yo mete yon moun ki gen kapasite entèlektyèl, ki gen eksperyans nasyonal e entènasyonal, e ki konn ki jan yo rezoud pwoblèm ekonomik ak polotik nan tèt peyi a.

Alòs, yo eli Ellen Johnson Sirleaf, yon dam ki pran yon metriz nan ekonomi nan Inivèsite Harvard, ki gen eksperyans nasyonal e entènasyonal [li te minis finans soti 1979 pou rive nan ane 1980 sou Prezidan Tolbert epi li te yon kad nan Bank Mondyal].

Jounen jodi a, gras a lidèchip Prezidan Sirleaf, non sèlman estabilite politik retabli nan Liberi, ekonomi peyi sa a se youn nan ekonomi sou Kontinan Afriken an k ap avanse e devlope a gran vitès.

Nou ka fè sa tou an Ayiti wi –si nou mete tèt nou an plas sou zepòl nou pou n vote yon moun ki kalifye e ki gen eksperyans pou n mete nan tèt peyi a.

Se pa paske moun nan se yon bon kole boyo, li fè siksè ladan l, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan se yon bon komèsan, li fè siksè nan komès la, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan se yon bon prèt oubyen pastè, li trè rekoni e enfliyan nan peyi a, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral delivre rezilta nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan se yon bon plantè bannann, li fè siksè nan plantasyon li a, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan se yon veteran jounalis ki fè non l deja nan medya a, li fè siksè nan jounalis la, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan te konn ap mache fè bri sou radyo tout lasent jounen, fè manifestasyon rache manyòk tout lasent jounen, fè dezòd nan peyi a lè lide l di l, se nan konsa li fè moun konnen l, epi pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;

Se pa paske moun nan konn pale bèl Fransè, li fè yo konnen l kòm yon nèg ki pale bon Fransè nan peyi a, epi pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a.

Si w malad nan kè, e ke ou bezwen yon doktè/chirijyen kè ki pou opere nan kè w pou bay ou lavi, m pa kwè ou pral pran yon chalatan vin fè operasyon sa a, pa vre? M pa kwè ou pral pran yon chirijyen kè ki apèn fini avèk rezidans li [apèn li genyen yon 2 lane eksperyans] vin fè gwo operasyon seryez sa a sou ou, pa vre? Ou pral chèche yon veteran chirijyen kè, ki gen konbyen ane eksperyans, ki fè konbyen jan de operasyon sa yo deja avèk siksè pou vin fè operasyon sa a nan kè w la, pa vre?

Ebyen, se menm jan an li sipoze ye pou yon peyi ke ou renmen tout bon wi. Ou pa pral pran grapyay, chalatan, betizè, ransè, azizwèl oubyen zagribay, moun ki pa prepare, moun ki pa gen eksperyans pou w vin mete l dirije peyi sa a. Ou bezwen yon moun ki konpetan, ki gen eksperyans nasyonal ak entènasyonal, ki pwouve sa l ka bay deja nan tèt peyi sa a. Alòs, noumenm sa yo ki gen pou ale nan eleksyon pou n ka chwazi moun ki gen pou vin nan tèt peyi a, m swete nou itilize bon sans nou pou n pa fè chwa k ap vin mete nou nan plis kalamite ke sa nou ye jounen jodi a.

Pa Ka Gen Demokrasi Ak Devlopman San Opozisyon Politik

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt ke gouvènman Martelly-Lamothe la pa gen nan men l solisyon a tout pwoblèm peyi a. Alòs, nou rekonèt fòk gen yon opozisyon ki solid nan demokrasi nou an.

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt fòk gen yon opozisyon ki djanm pou peyi a kapab vanse pou pi devan.

Noumenm Tèt Kale, nou rekonèt ke pa ka gen demokrasi ak devlopman san opozisyon.

Kesyon ke nou sipoze poze tèt nou se, “ki modèl opozisyon ke nou bezwen pou peyi nou an?”

Sa a se yon bèl kesyon, e m pral pran san m pou m byen reponn li. Nou bezwen yon opozisyon ki eklere, yon opozisyon modèn, yon opozisyon k ap kontribye nan devlopman peyi a, yon opozisyon k ap pwopoze fason ke yo panse ki pibon pou nou rezoud pwoblèm yo, yon opozisyon ki kwè nan antame bon jan deba politik pou nou jwenn fason ki pi fè sans pou nou abode pwoblèm ke sosyete a ap viv yo. Se modèl opozisyon sa a ke nou bezwen.

Nou fin ba w ki modèl opozisyon ke nou bezwen pou peyi a, kounyè a nou pral di w ki modèl opozisyon ke nou pa bezwen pou peyi a.

Nou pa bezwen yon opozisyon k ap kraze brize tout sa nou konstwi pou yo fè nou fè “back” pandan ke lemond ap vanse.

Nou pa bezwen yon opozisyon k ap fè dechoukay, k ap dekouraje envestisè Ayisyen tankou etranje pou yo vin envesti nan ekonomi nou an pou yo kreye travay bay pèp la travay [fòk nou konnen ke pa ka gen devlopman san travay, e pa ka gen travay nan fè dechoukay].

Nou pa bezwen yon opozisyon ki kwè nan rache manyòk, ki vle pran pouvwa a san li pa ale nan eleksyon [fòk nou konnen ke enstabilite politik se yon kansè manjezon sa ye pou devlopman yon peyi].

Nou pa vle yon opozisyon k ap bloke peyi a, k ap lage gravwa nan manje a [pou tout 10 milyon Ayisyen yo pa jwenn li pou yo manje] jis paske pèp la voye jete altenativ rache manyòk yo a.

Nou pa vle yon opozisyon k ap divize nasyon an sou yon baz de koulè po -k ap pale de ti wouj kont ti nwa, alòske lè lidè opozisyon an bezwen marye, se fanm ti wouj yo pran pou yo marye [sa a rele demagojikopopilis].

Nou pa vle yon opozisyon politikodemagojik, k ap divize nou sou baz sosyoekonomik [lidè opozisyon an ap pale de nèg anwo kont nèg anba, sepandan se anwo yo monte pou yo bati chato pou yo rete].

Nou se yon sèl pèp… se pou nou mete tèt nou ansanm, andepi de diferans politik e ideyolojik nou, pou nou fè peyi nou an mache. Li lè li tan pou noumenm Ayisyen nou ouvè je nou pou nou ka wè ki kote enterè nou ye. Enterè nou pa nan fè demagoji politik, zigzani ak chirepit; li nan chita tèt frèt pou n ap poze pwoblèm yo, pou nou tout [pouvwa a ansanm ak opozisyon an] ap brase lide nan dyalog ak bon jan deba san demagoji, ki reyèl, onèt e serye pou nou kapab rezoud yo. E lè nou rezoud yo, se peyi a nou fè byen, se pèp la nou fè byen.

Lavalas: Rache Manyòk Pimal Pase Kolera

Lavalasyen frè ak sè mwen yo sipoze sispann pèdi tan yo nan yon mouvman rache manyòk ki pa p abwouti a anyen, e yo konnen sa pibyen pase m paske reyalite jeopolitik nan mond la pa p pèmèt sa fèt. Alòs, olye ke yo chita ap envesti tout tan ak enèji yo nan yon mouvman ke pèson moun pa ka wè ki kote yo pral avèk li, m panse li t ap fè plis sans pou yo ta fikse zye yo sou 2016 –ki, dayè, pa twò lwen –pou yo komanse ap prepare yo pou yo pran pouvwa a.

M pa p ba nou manti… bagay rache manyòk yo a ap fè anpil moun kanpe lwen yo, espesyalman lè yo pa gen okenn altènatif a Prezidan Martelly. Yo pa janm kapab di kisa k ap vini aprè rache manyòk yo a –pou evite peyi a tonbe nan yon tchouboum ki san fen.

Mouvman rache manyòk la, ke moun Lavalas yo lanse andedan peyi a, bagay sa a pimal pase kolera ki t ap touye pitit pèp la nan kat kwen peyi a tèlman li pa bon. Li se yon manjezon ki vin pou detwi nou. Alòs fòk se enbesil sèlman pou noumenm –ki gen yon sèvo pou nou reflechi –ta enbesil pou nou ta monte nan batiman rache manyòk yo a avèk yo. Si yo vle ale nwaye tèt yo sou dlo a, sa a se zafè k gade yo. Men yo pa p jwenn moun tankou m ki pou swiv yo.

Moman an rive pou nou mete emosyon nou akote, pou nou itlize sèvo nou pou nou fè bagay yo yon lòt jan. Ou pa pran desizyon [sitou desizyon ki gen a wè ak peyi] nan emosyon ak voye monte. Dosye sa a twò serye pou nou antre nan kalonnen, voye monte avek li.

Prezidan Martelly ap fè 5 lane li a san manke yon yota. Aprè sa, l ap òganize eleksyon pou nou asire kontinwite demokratik la kòmsadwa.

Prezidan Martelly gentan antre nan dezyèm pati manda li a. Li pa rete anpil tan pou li fini epi pou nou antre nan eleksyon. Avan nou bat je nou, l ap gentan lè pou nou kòmanse ap chofe nou ak soulye foutbòl nou nan pye nou, abiman nou sou nou pou nou ale monte teren eleksyon an pou n al chwazi pwochen prezidan an ki pral pran mayèt la nan men Prezidan Martelly a.

Lavalasyen frè ak sè mwen yo sipoze ap travay kounyè a nan mete bon estrikti nan pati yo a, devlope estrateji pou yo kapab rale moun sou yo. Si yo pa fè travay preparasyon sa yo kounyè a la, olye yo chita ap gaspiye tan nan rache manyòk, kilè y ap kòmanse fè l? Y ap tann se lè eleksyon pral fèt pou yo fè l? Lè sa a, l ap twò ta. Si ou bezwen pran pouvwa a tout bon vre nan eleksyon [aprè Prezidan Martelly], se depi kounyè a wi pou w mete w sou travay.

Eleksyon prezidansyèl 2016 la sipoze enteresan, istorik ak san konparezon nan eksperyans demokratik nou antanke yon nasyon. Nan espri sa a, nou fèt pou nou ankouraje meyè nan jèn politisyen nou yo pou yo antre fon nan batay la pou yo kouri pou prezidan. Sa ap pèmèt nou bay deba politik ki gen pou fèt yo nan sosyete a bon jan jarèt, e se sa a tou k ap pèmèt noumenm antanke sitwayen avize pou nou kapab fè yon chwa ki eklere pami jèn kandida sa yo ki gen pou kouri pou chèz boure a. Nou sipoze chwazi pami jèn politisyen sa yo kandida ki pi kapab la e ki montre nou ke [de pa kalifikasyon e eksperyans li] li kapab kontinye kondi peyi a sou wout devlopman an.

Ala bèl sa ta bèl pou n ta gen sou tab jwèt la kandida tankou Laurent Lamothe, Dr. Garry Conille, Edmonde Supplice, elatriye pou nou chwazi pami yo moun ki gen pou ranplase Prezidan Martelly a –aprè manda li a fini an.

Se pou nou sispann antre tèt nou nan lojik fè politik demagojik nèg yo toujou renmen fè a –pou nou serye avèk pèp la. Nou sipoze angaje nou nan antame bon deba politik ki fè sans –kote n ap ekspoze pwoblèm yo, n ap debat altènatif yo epi n ap chwazi ki altènatif k ap pibon pou peyi a.

Popilism se yon bagay ki trè danjere pou peyi a; se yon manjezon sa ye paske li toufe tout posiblite pou bon deba serye pran jarèt nan sosyete a. E depi nou pa ka byen debat pwoblèm yo kòmsadwa, n ap pran vye desizyon tèt chat k ap mete nou nan kouri pita.

Sa k bay demokrasi jarèt se posiblite ke tout moun alawonnnbadè nan sosyete a genyen pou yo ekspoze pwoblèm yo k ap brase bil sosyete a, pale de yo, analize yo, trete yo epi vin ak solisyon pou nou rezoud yo. Se konsa sa fèt isit Ozetazini ak tout lòt peyi nan mond la kote demokrasi ap byen mache e byen fonksyone.