Patrick Antoine: Etan Norwich, Connecticut Yo Akize Misye Kòm Moun Ki Touye Madanm Ansent li Paske Li Kwè Ke Manmzèl Fè Maji Dèyè l Pou l Touye l

Patrick Antoine: misye touye madanm ansent li etan Norwich, Connecticut.
Lame Nou an Pa p Kraze!!!
Ayè maten, jou ki te Lendi 9 Me a, nou aprann ke Kò Jeni Militè a, ki gen anpil jèn ki te ale pran fòmasyon militè ak teknik sou jeni militè nan plizyè peyi nan Amerik Latin nan, te leve kanpe kont move tretman, menas ak presyon ke otorite an plas yo ap fè sou yo nan lide pou yo kraze kò a epi voye yo ale lakay yo pou y al kalewès, pou y al grate santi menm jan majorite jèn fanm ak jèn gason malerezman ap fè andedan peyi a. Yo te arive anpeche gwo tèt nan Ministè Defans la antre nan lokal Ministè a.
Nou regrèt, kondane e deplore aksyon sa a. Men eskè se jis ke la pou sa a ta rive? Nou pa kwè se jis ke la non bagay la ta sipoze rive –si nou te gen moun responsab nan tèt peyi a.
Antan ke yon ansyen militè ke m ye, ki te sèvi nan Lame Amerikèn pandan plizyè ane, m ap voye yon mesaj klè bay frè sòlda m yo pou m di yo ke se pa fason sa a pou yo t ap aji non, men m konprann yo. M kanpe solidè avèk yo a 100%. Se sitiyasyon ki fè aksyon. Tout bèt jennen mòde. Si yo te annafè avèk moun ki vize peyi, moun ki t ap travay nan enterè peyi a tout bon vre, se pa konsa yo t ap aji paske yo pa t fòme yo pou y ap aji nan yon fason endisipline konsa. Si yo pa t annafè avèk yon dal iresponsab, se pa t ap janm mòd endisiplin sa a yo t ap montre a otorite sivil la ki sipoze gen kontwòl tout fòs lame nan peyi a.
M ap di frè sòlda m yo pou yo kenbe fèm nan mouvman yo a. Se pou yo kanpe pou yo defann enterè nasyon an kont tout èni –Ayisyen tankou etranje.
Jocelerme Privert avèk tout akolit Lavalas li yo, nèg sa yo se ènmi peyi a yo ye. Yo dèyè kraze tout enstitisyon peyi a pou yo kapab mete kanpe yon pouvwa diktatoryal k ap pi mal ke pouvwa diktatoryal Jean-Bertrand Aristide la. Se nou ki pou fè echèk a plan makab, plan makyavelik sa a ke yo genyen an.
Kraze enstitisyon antre nan kad ideyoloji Lavalas la menm. Fò k nou pa bliye ke se yo menm, menm moun Lavalas sa yo, ki te kraze Lame d Ayiti nou an nan lane 1995. Yo fin kraze l, yo rele Blan [MINISTA] vin ranplase l. E nou wè ki peripesi pèp la ap pase avèk Blan sa yo. Yo fin fè Blan yo antre, se yomenm ankò nou wè tout jounen k ap fè manifestasyon nan lari a pou mande yo ale.
Fwa sa a, frè militè m yo, Lame pa nou an pa p kraze. Fò k se sou zantray nou pou yo pase avan yo kraze l.
Pa ka gen peyi san fòs lame l. Se ki vizyon ak misyon n ap bay lame a ki enpòtan, e se sa a tou k ap fè tout diferans la. Nou bezwen yon lame pwofesyonèl ki la pou sèvi e pwoteje nasyon an kont tout menas –natirèl e imèn
Se pou Leta a estriktire lame a, bay li yon kad legal avèk yon misyon byen defini pou l itil peyi a. Se pou sa jèn sa yo te pran fòmasyon militè e teknik ke yo te pran nan lekòl militè ke yo te pase yo.
Yon lòt fwa ankò, frè sòlda m yo, kenbe fèm pa lage. Majorite popilasyon an kanpe avèk nou. Yon peyi san lame se tankou yon lakou san lantouraj. E lè yon lakou san lantouraj, tout moun, tout vye bèt ka antre vin fè sa yo vle, vin fè lòbèy ki nan lide yo.
Alòs, frè sòlda m yo, mete zam nou prè pou n defann nasyon an kont ènmi sa yo ki pran peyi a an otaj la. Mete zam nou prè pou n mete pikliz sou griyo nenpòt madigra mal maske ki vini pou fè nou pè.
Sòlda pa janm pè, sòlda batay pou l mouri avèk lonè. Se sa yo te aprann nou. Lame nou an pa p kraze!!!. Moun ki gen grenn pase melon an va vin kraze l si l kapab.
Komisyon Verifikasyon an ap Vin Mete Absè Sou Klou
Evolution: Cubano Did It Again
It’s 2:00 AM, I am currently auditioning EVOLUTION, Cubano’s latest album, which I just purchased for a derisory price tag on CDbaby. This is, indeed, a Konpa evolution by any standard.
Skah Shah #1 has evolved to something totally modern. When you have an array of talented artists in the caliber of Shedly Abraham, Jean Max Valcourt, Yves Albert Abel, Danny P just to name a few contributing to this project, you cannot expect anything less than a masterpiece –with potential to transcend generations.
I highly recommend it; you will not regret the investment. No, I am not getting paid for this little shout-out. To me, this is nothing but a small token of appreciation for a piece of art so well crafted. BRAVO!!!
Songs to watch for their hit potential:
Rev an Mwen
Aimer
Macho Man
Allons Danser
Maria
Contributing artists:
1 – On The Move (Evolution) [feat. Shedly Abraham, Jean max valcourt & Yves Albert Abel]
2 – Reve an mwen (feat. Shedly Abraham)
3 – Aimer (feat. Shedly Abraham & Jean Max Valcourt)
4 – Macho Man (feat. Shedly Abraham, Jean Max Valcourt, Yves Albert Abel & Bobby Jam)
5 – La vie pa Konplike (feat. Jean Max Valcourt)
6 – Skah Shah #1 (feat. Shedly Abraham, Gazzman Pierre, Roberto Martino, Jean Herard Richie, Michael Guirand, Shabba Djakout Mizik, Olivier Duret, Mac D Talon, Ti Joe Zenny, Prince Ello, Stanley Toussaint, Kenny Desmangles, 5lan & China Blak)
7 – Allons danser (feat. Danny P & Yves Albert Abel)
8 – Maria (feat. Shedly Abraham, Jean Max Valcourt & Yves Albert Abel)
On The Election of Jocelerme Privert…
Nou Fèk Sot Fè Eksperyans Avèk Yon Mal, An n Pa Pran Yon Pèt Pawòl Pou n Mete Sou Pouvwa a
Misye te majistra Milo, li pa ka montre w pa a+b ki ajannda ekonomik li t ap ekzekite nan administrasyon vil la e ki chanjman KONKRÈ li pòte nan ekonomi vil sa a; li te nan Sena a, pa menm yon grenn lejislasyon li te entwodwi e esponnsorize nan non peyi a. Epi se moun sa a ou di m ou pral pran mete nan tèt yon peyi a GWO pwoblèm tankou Ayiti? An nou serye non, mezanmi. Nou fèk sot fè eksperyans ak yon mal, an n pa pran yon pèt pawòl pou nou mete sou pouvwa a tanpri.
M toujou pran ekzanp peyi Liberi avèk nou paske pa twò lontan de sa, peyi sa a t ap viv menm sitiyasyon ke Ayiti ap viv jounen jodi a. Men Liberyen yo montre ke yo entelijan ase pou yo fè yon chwa politik de yon moun k ap bon pou peyi yo a.
Liberyen yo te vote Prezidan Ellen Johnson Sirleaf paske li gen kapasite entèlektyèl pou li mete ekonomi peyi yo a, ki te fin kraze a, sou ray e li gen eksperyans nasyonal e entènasyonal.
Ellen Johnson Sirleaf te minis ekonomi sou Prezidan Tolbert de 1979 a 1980, li te yon gwo kad nan Bank Mondyal e li gen yon metriz nan ekonomi ke li dekwoche nan Inivèsite Harvard isit Ozetazini.
Prezidan Sirleaf pa t mennen yon kanpay sou eslogan ak lonje dwèt sou sa ki pa p mache nan peyi a selman non… li te mennen yon kanpay sou solisyon ekonomik ki fè sans, jistis sosyal ak estabilite politik. Ebyen, akoz de konesans, eksperyans ak lidèchip li, jounen jodi a, ekonomi peyi sa a se youn nan ekonomi k ap avanse ak vitès kwazyè sou Kontinan Afriken an.
M ap fini pou m di nou ke moun pa janm ka bay sa yo pa genyen. Menm kant ou ta renmen bay, fò k ou genyen pou w bay. An n koupe fache ak medyokrite e inyorans, k ap anfonse nou pi fon nan eta soudevlopman sa a ke nou ye a. Alos, si vreman nou renmen Ayiti tout bon vre, an nou pa vote sou emosyon, an n vote ak entelijans nou.
Pa Vote Grapyay, Chalatan, Betizè, Ransè, Azizwèl ak Zagribay
Liberi, menm jan avèk Ayiti, se yon peyi ki t ap andire anpil gwo pwoblèm ekonomik e politik. Pou rezoud pwoblèm ekonomik e politik sa yo, Liberyen yo pa ale chèche grapyay, chalatan, betizè, ransè, azizwèl ak zagribay non pou yo mete nan tèt peyi a; yo mete yon moun ki gen kapasite entèlektyèl, ki gen eksperyans nasyonal e entènasyonal, e ki konn ki jan yo rezoud pwoblèm ekonomik ak polotik nan tèt peyi a.
Alòs, yo eli Ellen Johnson Sirleaf, yon dam ki pran yon metriz nan ekonomi nan Inivèsite Harvard, ki gen eksperyans nasyonal e entènasyonal [li te minis finans soti 1979 pou rive nan ane 1980 sou Prezidan Tolbert epi li te yon kad nan Bank Mondyal].
Jounen jodi a, gras a lidèchip Prezidan Sirleaf, non sèlman estabilite politik retabli nan Liberi, ekonomi peyi sa a se youn nan ekonomi sou Kontinan Afriken an k ap avanse e devlope a gran vitès.
Nou ka fè sa tou an Ayiti wi –si nou mete tèt nou an plas sou zepòl nou pou n vote yon moun ki kalifye e ki gen eksperyans pou n mete nan tèt peyi a.
Se pa paske moun nan se yon bon kole boyo, li fè siksè ladan l, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan se yon bon komèsan, li fè siksè nan komès la, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan se yon bon prèt oubyen pastè, li trè rekoni e enfliyan nan peyi a, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral delivre rezilta nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan se yon bon plantè bannann, li fè siksè nan plantasyon li a, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan se yon veteran jounalis ki fè non l deja nan medya a, li fè siksè nan jounalis la, pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan te konn ap mache fè bri sou radyo tout lasent jounen, fè manifestasyon rache manyòk tout lasent jounen, fè dezòd nan peyi a lè lide l di l, se nan konsa li fè moun konnen l, epi pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a;
Se pa paske moun nan konn pale bèl Fransè, li fè yo konnen l kòm yon nèg ki pale bon Fransè nan peyi a, epi pou w pran l mete nan tèt yon peyi pòv pansan ke li pral fè siksè nan tèt peyi a.
Si w malad nan kè, e ke ou bezwen yon doktè/chirijyen kè ki pou opere nan kè w pou bay ou lavi, m pa kwè ou pral pran yon chalatan vin fè operasyon sa a, pa vre? M pa kwè ou pral pran yon chirijyen kè ki apèn fini avèk rezidans li [apèn li genyen yon 2 lane eksperyans] vin fè gwo operasyon seryez sa a sou ou, pa vre? Ou pral chèche yon veteran chirijyen kè, ki gen konbyen ane eksperyans, ki fè konbyen jan de operasyon sa yo deja avèk siksè pou vin fè operasyon sa a nan kè w la, pa vre?
Ebyen, se menm jan an li sipoze ye pou yon peyi ke ou renmen tout bon wi. Ou pa pral pran grapyay, chalatan, betizè, ransè, azizwèl oubyen zagribay, moun ki pa prepare, moun ki pa gen eksperyans pou w vin mete l dirije peyi sa a. Ou bezwen yon moun ki konpetan, ki gen eksperyans nasyonal ak entènasyonal, ki pwouve sa l ka bay deja nan tèt peyi sa a. Alòs, noumenm sa yo ki gen pou ale nan eleksyon pou n ka chwazi moun ki gen pou vin nan tèt peyi a, m swete nou itilize bon sans nou pou n pa fè chwa k ap vin mete nou nan plis kalamite ke sa nou ye jounen jodi a.
Jerry Tardieu Made a Terrible Mistake
JERRY TARDIEU made a terrible mistake for not running for president this time around. This is his moment; unfortunately, he prefers to let it pass by.
Some people, those who support his move [to serve in the Parliament FIRST before running for president], would probably think I am losing my mind for making such a bold inference.
Had he decided to run for president, nothing would have stopped him from winning the election hands down; this is his moment.
Why postponing for later when your time to shine, your time to seize the spotlight has arrived? Talking about the audacity of daring to dare?
The people who support his move [to serve in the Parliament as deputy first before running for president] are making the case that being a deputy of a high-profile city like Petion-Ville will place him in the national spotlight, which will make it easier for him to win the National Palace should he decide to run for president later. WRONG!!!!
I would have agreed with JERRY’s move had he been running for mayor of Petion-Ville. Technically, a mayor has more executive, political and leadership responsibilities than a deputy. Unlike a deputy, a mayor has a budget to manage, an agenda to fulfill, and a group of people to command and lead. So as mayor of Petion-Ville, JERRY would have been the president of the city.
After his term as mayor, he would have had enough to show to the world what he could accomplish as president –if given the chance. But running for deputy? To do what exactly?! To place him in the national spotlight, as some of his supporters are arguing? Does he not already have that national spotlight? He is not in the Chamber of Deputies as we speak, yet for what he has been doing on the ground, he is in the national spotlight more than some deputies I knew in the 49th Legislature. So what’s the purpose of him being in the Chamber?
Some are making the argument that only people in Port-au-Prince and Jacmel know of him; he is unknown to the rest of the country.
Well, that’s what political campaigns are for –to introduce yourself to the people and sell your political agenda to them.
When Obama was running for president, though he was already serving in the US Senate representing the State of Illinois, I bet he was unknown to most people in the country. He campaigned hard all across the 50 States to introduce himself and sell his message of hope which resonated to the majority of the electorate. Guess what? He won over the Clinton political machine to get the Democratic nomination, which is not a simple thing in itself, beat both McCain in 2008 and Romney in 2012, and he has been in the White House for six years now.
I am not saying that notoriety does not help, but what will get you to win political races are two major elements: campaign strategy and money. Otherwise, forget about it.
In my humble opinion, JERRY’s move is a WASTE of time. He has missed a golden opportunity; he and his supporters must admit it.
Well, what do I know? Since Valery Numa had said on his radio show [during his clash with Clarens Renois] that he had advised JERRY not to run for president this time around, to run for deputy instead, I guess he has acted upon Numa’s advice.
Anpil nan Medam Ayiti yo ap Chèche Nèg Ki Pou Jere Yo
Anpil nan medam [m pa di tout non] an Ayiti yo ap chèche nèg ki pou jere yo; mizè a tèlman boule nan peyi a, medam yo di w tout bèt jennen mode, se sitiyasyon ki fè aksyon.
Lekòl/edikasyon sanse pa bay ankò jan sa te ye nan tan lontan. Jèn fi a fin fè etid li, li gen yon diplòm ki di ke li kalifye pou l itil peyi l nan yon domèn, men pou li jwenn yon travay pou li ka ede tèt li, fanmi li ak kominote li, fò k li aksepte a kondisyon ke travay la vini avèk li yo [anpil fwa kondisyon sa yo pa nan “job description” ki defini travay la].
Souvant fwa, si se yon gason k ap ede fanm nan jwenn travay la, li ekzije kòm kondisyon fò k li taye fanm nan, fò k fanm nan se fanm konyen li [menm kant misye se yon mesye marye]; si se yon fanm k ap fè l jwenn travay la menm nan, fò k li antre nan fwote krèk avèk jèn fanm nan.
Kondisyon sa yo pa nan “job description” ki defini travay la sou papye non, men se yon seri de kondisyon ke jèn fanm nan oblije soumèt a yomenm si l vle travay pou li “sòti” nan mizè katchapika sa a ke l ap viv ladan li a. Epi pafwa, menm jan avèk Lea Kokoye –ke Maurice Sixto, gwo pototrik gason Gonayiv sa a, te toujou konn rakonte nou de li a –se jèn fanm sa a ki premye pitit manman l ak papa l, tout espwa fanmi an vin tonbe sou do l [se pou li degaje l jan l konnen pou li jwenn kichòy pou li ede rès kòd fanmi an].
Vin jwenn ankò nèg Dyaspora yo ki vin ajoute lo pa yo nan malediksyon sa a k ap wonje sosyete Ayisyen nan.
Sosyo medya yo vin louvri yon fenèt ant fanm an Ayiti a k ap chèche zafè a ak nèg Dyaspora yo [trè souvan nèg sa yo gen fanm yo nan peyi etranje kote yo ye a] k ap chèche koko vakans yo pou lè yo ateri dèyè a pou yo ka jwenn pou y ap konyen.
Se sa ki vin fè majorite dè fwa ou tande nèg nan Dyaspora yo ap fè nenpòt 3 a 4 vwayaj pa ane an Ayiti. Lè konsa yo di w yo renmen Ayiti, yo pa ka fè 6 mwa pou yo pa ale vizite –yon fason pou yo ka fè nèg tankou m yo ki gen plis pase 10 lane depi yo pa ale Ayiti yo “feel bad,” kòmsi yo pi Ayisyen pase w [lol]. Epi konnen w pa konnen ki chawony k ap bay yo tanta konsa ki fè yo pa ka rete chita nan pye fanm yo isit nan peyi etranje kote yo ye a, fò k y al manje moun Ayiti.
Jèn fanm Ayisyèn nan sanse livre a limenm. Jan Prezidan Preval konn di an, se naje pou l naje pou l sòti. Li nan mitan yon dlo ak anpil pwa lou sou do l, fò k se bon bras pou l ap fè pou li mete tèt li deyò. Si se pa sa, l ap nwaye. E lè l nwaye a, se pa li sèlman k ap nwaye a non… gen tout yon tribi [kòd fanmi li oubyen “extended family” li nan lang Anglèz la] ki depann de li k ap nwaye avèk li paske se li ki sanse ap pote yo sou do l.
Leta demisyonè sa a pa bay fanm yo regle anyen pou li. Nou tande gen òganizasyon k ap batay pou fè respekte dwa fanm yo nan peyi a, men m ap mande m si se wè yo pa wè sa k ap pase jèn fanm nou yo.
Antouka, lè m ap reflechi sou bagay sa yo, lè bagay sa yo ap brase bil mwen konsa, se nan pye Maurice “Moy” Sixto m ale chita pou li rakonte m pi byen istwa Lea Kokoye a, yon fason pou m ka pi byen konprann reyalite sosyeekonomik sa a, ki sòti pou fè m fou a.