Lavalas Privert Ale, Ki Direksyon n ap Bay Peyi a?

Etan done ke nou konstate ke Lavalas Privert pa prezidan peyi a ankò [si misye ta gen malè mete pye li nan Palè a kòm prezidan peyi a, sa l pran se pa l], ki sa ki pou fèt kounyè a pou n remete kanpe enstitisyon sa a ki rele “prezidans” la?
 
Men sa ke nou konseye ki pou fèt:
 
1. Konsèy Ministeryèl la, ki gen nan tèt li PM Enex Jean-Charles, ap pran direksyon peyi a an atandan ke nou jwenn yon akò k ap fè chwa de yon prezidan pwovizwa.
 
2. Reprezantan 3 pouvwa Leta yo [Ekzekitif, k ap reprezante pa PM Enex Jean-Charles, Lejislatif ak Jidisyè], reprezantan pati politik ki reprezante nan Paleman an, reprezantan sektè ekonomik la ak reprezantan sektè sosyete sivil la ap reyini pou yo jwenn yon akò pou yon prezidans pwovizwa k ap gen yon misyon byen defini, k ap gen ladan li konklizyon pwosesis elektoral la.
 
Noumenm, n ap mande pou n pa repete erè grav sa a ke nou te fè a lè n te pran yon politisyen mete nan tèt peyi a pwovizwaman ki pou te vin fè eleksyon yo.
 
Nou pa bezwen okenn politisyen ankò nan tèt peyi a, paske tout politisyen gen kat ki kache anba manch palto yo pou yo ka dirije peyi a nan avantaj sektè politik ki gen menm tandans politik ke yo a.
 
Nou pral nan Kou Kasasyon dirèk dirèk, san gade dèyè pou n pran jij ki pi “legit” la, ki ranpli kondisyon rekiz yo, ki pa gen fòs kote, ki pa ni Lavalas ni Tèt Kale, ki pa ni de goch ni de dwat pou n mete nan tèt peyi a pou li vin kondi nou nan eleksyon.
 
Lòbèy politik ke peyi a te twouve li ladan an pandan mwa ki sot pase yo F-I-N-I fini. Moman an rive pou n bay peyi a yon lòt direksyon, pou n retounen mete peyi a sou wout desans politik e administrativ la ankò.
 
Lè w pran yon teworis, vagabon, sansal, malandren ou mete l nan tèt yon peyi, se nòmal pou teworis, vagabon, sansal ak malandren parèy li panse yo ka fè lalwa, yo ka fè sa yo vle, jan yo vle e lè yo vle nan peyi a. Se yon peyi n genyen, se pa yon gagè. Alòs, Abraham di ase.

Lame Nou an Pa p Kraze!!!

Ayè maten, jou ki te Lendi 9 Me a, nou aprann ke Kò Jeni Militè a, ki gen anpil jèn ki te ale pran fòmasyon militè ak teknik sou jeni militè nan plizyè peyi nan Amerik Latin nan, te leve kanpe kont move tretman, menas ak presyon ke otorite an plas yo ap fè sou yo nan lide pou yo kraze kò a epi voye yo ale lakay yo pou y al kalewès, pou y al grate santi menm jan majorite jèn fanm ak jèn gason malerezman ap fè andedan peyi a. Yo te arive anpeche gwo tèt nan Ministè Defans la antre nan lokal Ministè a.

Nou regrèt, kondane e deplore aksyon sa a. Men eskè se jis ke la pou sa a ta rive? Nou pa kwè se jis ke la non bagay la ta sipoze rive –si nou te gen moun responsab nan tèt peyi a.

Antan ke yon ansyen militè ke m ye, ki te sèvi nan Lame Amerikèn pandan plizyè ane, m ap voye yon mesaj klè bay frè sòlda m yo pou m di yo ke se pa fason sa a pou yo t ap aji non, men m konprann yo. M kanpe solidè avèk yo a 100%. Se sitiyasyon ki fè aksyon. Tout bèt jennen mòde. Si yo te annafè avèk moun ki vize peyi, moun ki t ap travay nan enterè peyi a tout bon vre, se pa konsa yo t ap aji paske yo pa t fòme yo pou y ap aji nan yon fason  endisipline konsa. Si yo pa t annafè avèk yon dal iresponsab, se pa t ap janm mòd endisiplin sa a yo t ap montre a otorite sivil la ki sipoze gen kontwòl tout fòs lame nan peyi a.

M ap di frè sòlda m yo pou yo kenbe fèm nan mouvman yo a. Se pou yo kanpe pou yo defann enterè nasyon an kont tout èni –Ayisyen tankou etranje.

Jocelerme Privert avèk tout akolit Lavalas li yo, nèg sa yo se ènmi peyi a yo ye. Yo dèyè kraze tout enstitisyon peyi a pou yo kapab mete kanpe yon pouvwa diktatoryal k ap pi mal ke pouvwa diktatoryal Jean-Bertrand Aristide la. Se nou ki pou fè echèk a plan makab, plan makyavelik sa a ke yo genyen an.

Kraze enstitisyon antre nan kad ideyoloji Lavalas la menm. Fò k nou pa bliye ke se yo menm, menm moun Lavalas sa yo, ki te kraze Lame d Ayiti nou an nan lane 1995. Yo fin kraze l, yo rele Blan [MINISTA] vin ranplase l. E nou wè ki peripesi pèp la ap pase avèk Blan sa yo. Yo fin fè Blan yo antre, se yomenm ankò nou wè tout jounen k ap fè manifestasyon nan lari a pou mande yo ale.

Fwa sa a, frè militè m yo, Lame pa nou an pa p kraze. Fò k se sou zantray nou pou yo pase avan yo kraze l.

Pa ka gen peyi san fòs lame l. Se ki vizyon ak misyon n ap bay lame a ki enpòtan, e se sa a tou k ap fè tout diferans la. Nou bezwen yon lame pwofesyonèl ki la pou sèvi e pwoteje nasyon an kont tout menas –natirèl e imèn

Se pou Leta a estriktire lame a, bay li yon kad legal avèk yon misyon byen defini pou l itil peyi a. Se pou sa jèn sa yo te pran fòmasyon militè e teknik ke yo te pran nan lekòl militè ke yo te pase yo.

Yon lòt fwa ankò, frè sòlda m yo, kenbe fèm pa lage. Majorite popilasyon an kanpe avèk nou. Yon peyi san lame se tankou yon lakou san lantouraj. E lè yon lakou san lantouraj, tout moun, tout vye bèt ka antre vin fè sa yo vle, vin fè lòbèy ki nan lide yo.

Alòs, frè sòlda m yo, mete zam nou prè pou n defann nasyon an kont ènmi sa yo ki pran peyi a an otaj la. Mete zam nou prè pou n mete pikliz sou griyo nenpòt madigra mal maske ki vini pou fè nou pè.

Sòlda pa janm pè, sòlda batay pou l mouri avèk lonè. Se sa yo te aprann nou. Lame nou an pa p kraze!!!. Moun ki gen grenn pase melon an va vin kraze l si l kapab.