Lè nou rele Lavalas yon òganizasyon teworis, gen moun ki di ke nou ekzajere paske mo teworis la twò fò pou n mete sou do yo. Nou pa gen pwoblèm avèk moun sa yo ki di sa a non. Nou jis pral eksplike kòman nou fè di ke Lavalas se yon òganizasyon teworis li ye, e nou ta swete lè n fini, yo tout kapab tonbe dakò avèk nou.
Tout bagay nan mond la, depi ke li ekziste, gen yon mo ki defini l e kalifye l. Nou pa t envante mo “teworis” la non, se ititlize nou itilize l pou n ka defini ki sa Lavalas la ye.
Daprè Dictionary.com, mo “teworism” la vle di an Anglè “the use of violence and threats to intimidate or coerce, especially for political purposes.” An bon Kreyòl, sa vle “izaj vyolans ak menas pou entimide e fòse moun fè sa w vle yo fè, espesyalman pou rezon politik.”
Si yon moun gen pwoblèm avèk definisyon sa a, n ap mande l pou l ekri sit entènèt la pou l ka eksprime dezakò l avèk yo. E lè l ap fè sa a, fò k li pa bliye gen bòn definisyon mo a nan men l pou l ka bay yo li. Si l pa ka fè sa, n ap di l pou l ale bay chat li mal, paske se tan moun li soti pou l gaspiye pou granmesi.
Lè n baze sou definisyon mo teworis la, ke Dictionary.com bay nou an, èske Lavalas yo pa fè izaj vyolans ak menas kont moun ki pa kanpe nan menm kan politik avèk yo pou yo ka enpoze volonte politik yo sou moun sa yo? Wi, yo fè sa vre. Men kèlke ekzanp n ap bay ou pou n ka byen kore agiman nou an:
- Lè Jean-Bertrand Aristide te fin prete sèman kòm prezidan nan jou ki te 27 Septanm 1991 la, nan diskou envestiti li a, misye kanpe devan Palè a, devan kamera laprès nasyonal ak entènasyonal ak devan konbyen milye moun ki t ap gade l pou l ap glorifye Pèlebren… pou l ap di teworis Lavalas li yo ke lè yo kenbe yon Makout, se pou yo pa neglije bay li sa l merite. Misye menm ale pli lwen pou l di ki jan Pèlebren se yon bèl zouti, yon ti bagay ki santi bon.
- Jou ki te 7 Novanm 2016 la ki sot pase a, nou te wè ankò menm Jean-Bertrand Aristide sa a ki kanpe devan yon gwoup teworis Lavalas parèy li pou l ap di yo pou yo fè dechoukaj ak kraze brize si eleksyon 20 Novanm yo pa ta arive fèt.
- Eske nou pa t jwenn Andre Michel, yon lidè teworis Lavalas, nan tèt yon manifestasyon kraze brize Lavalas ki t ap di ke “Sèl jan pou yo ta mete Jovenel prezidan an Ayiti, se lè nou ta fin redwi peyi a an sann, e sou sann nan n ap konbat yo?”
- Nan lane 2015-2016 yo, Lavalas yo te pran lari pou yo te dechouke Prezidan Martelly. Yo te fè manifestasyon kraze brize prèske chak semèn pou y ap kraze e boule machin moun, boule biznis prive moun ak krabinen moun ak kout wòch.
Nou te ka bay plis ekzanp toujou wi, men, paske nou pa vle twò long, n ap kanpe la pou kounyè a. Ekzanp sa yo ke nou bay yo, se pa nou menm non k ap envante yo. Epi pou yon moun ap di ke nou ekzajere lè nou idantifye Lavalas kòm yon òganizasyon teworis? Se pa nou menm non ki rele yo teworis la… se zak y ap poze nan sosyete a wi ki di se sa yo ye. Nou ka sispann rele yo teworis demen maten wi si yo vle, mwayennan ke yo chwazi pou yo aji kòm moun ki sivilize, ki voye vyolans jete pou yo anbrase deba kontraditwa ak respè ak tolerans ke yo dwe a moun ki pa kanpe nan menm kan avèk yo. Lè sa a , n ap premye moun k ap vini isit la, k ap ekri piblikman ke Lavalas se yon òganizasyon sivilize ki gen moun sivilize e eklere ladan l, k ap pratike yon politik ki fè fyète yo e fyète tout Ayisyen alawonnbadè. Men si yo pa ka fè sa a tou, yo fèk tanmen ap tande nou k ap rele yo teworis.