Imigrasyon Amerikèn: Administrasyon Obama a Pral Akselere Depòtasyon Ayisyen San Papye yo

Nan yon atik ki soti yè Jedi 22 Septanm nan, nan jounal Ameriken ki rele New York Times la, ki ekri pa Kirk Semple, administrasyon Obama a pral akselere depòtasyon Ayisyen san papye yo pou yo ka kwape nouvèl vag Ayisyen k ap antre nan peyi a ilegalman atravè fwontyè Etazini-Meksik la.

Aprè tranblemandetè 2010 la, peyi Etazini te sispann depòtasyon Ayisyen yo paske, daprè sa yo te fè konnen, depòte Ayisyen nan yon moman de enstabilite konsa ka mete lavi moun yo an danje.

Anviwon yon ane aprè tranblemandetè a, imigrasyon Amerikèn retounen ap depòte Ayisyen, patikilyèman Ayisyen sa yo ke yo jwenn ki koupab de gwo krim ak sa yo ke leta Ameriken estime reprezante yon menas pou sekirite peyi a.

Men depi prentan dènye a, plizyè milye Ayisyen ki te vin chèche lavi miyò nan peyi Brezil ap kite Brezil pou yo vin Etazini ilegalman nan machin an pasan pa Kalifòni.

Kèk ladan yo gen viza Ameriken, men majorite ladan yo ilegal. Malgre sa, yo kenbe yo kanmèm –ofisye imigrasyon yo te resevwa lòd pou yo pa voye yo tounen jan sa ta sipoze fèt pou kèlkeswa moun k ap eseye antre nan peyi Etazini ilegalman.

Nan lane ki pase yo, lè yo te konn kenbyen yon Ayisyen ilegal nan fwontyè a, olye ke yo te depòte moun nan, yo te konn mete l yon kote pou yo pwosès li epi yo lage l evantyèlman, avèk randevou poul li parèt devan jij nan tribinal imigrasyon nan kèk semèn oubyen kèk mwa. Depi nan kòmansman ete a, majorite Ayisyen yo te konn kenbe k ap antre etazini ilegalman yo te konn jwenn pèmisyon pou yo rete nan peyi a pou yon bon bout tan [3 zan konsa] sou estati imanitè.

Kounyè a, etandone ke gouvènman Ameriken an retounen ak pwosesis depòtasyon an, ki antre an aplikasyon Jedi maten an, depi yo kenbe yon Ayisyen nan fwontyè Ameriken-Meksik la k ap eseye antre nan peyi Etazini ilegalman, y ap depòte l rapidopresto, yo pa p kenbe l pou lontan nan peyi a jan sa te konn fèt pa twò lontan de sa.

Jeh Johnson, ki se Minis Sekirite Enteryè peyi Etazini, fè konnen nan yon deklarasyon ke li te fè, ke gen anpil pwogrè ki fèt an Ayiti, ki eksplike rezon ki fè ke gouvènman Ameriken an ap voye Ayisyen ki sa papye yo tounen rapid rapid, depi yo kenbe yo.

Jan sa te di pi anwo a, sa ki vrèman dèyè desizyon sa a ke gouvènman Ameriken an pran pou voye Ayisyen ilegal yo, ke yo ta kenbe nan fwontyè a, retounen rapid rapid an Ayiti a se paske vin gen anpil Ayisyen k ap kite Brezil pou antre Meksik avèk entansyon pou yo antre ilegalman nan peyi Etazini atravè Sid Kalifòni, kote fwontyè Etazini-Meksik la ye a. Alòs, yo pran desizyon sa a yon fason pou yo ka dekouraje Ayisyen ki kapab ap planifye pou antre Etazini nan konsa yo, san papye.

Depi Oktòb dènye, an n di sa gen yon ane, daprè rapò otorite imigrasyon yo mete deyò, yo fè konnen ke gen plis pase 5,000 Ayisyen san papye ke yo kenbe nan pòt antre San Ysidro a, ki relye Tijuana, Meksik avèk San Diego –konparativman a 2015, nan menm epòk la, se sèlman 339 Ayisyen ke yo te kenbe nan menm pòt antre San Ysidro a.

Daprè sa otorite imigrasyon nan San Diego ak Tijuana gentan prevwa, gen anviwon 4,000 a 6,000 Ayisyen ki Brezil k ap prepare yo pou yo pase pa Meksik pou yo antre ilegalman nan peyi Etazini.

Ta sanble administrasyon Obama a voye yon mesaj klè tankou dlo kokoye bay Ayisyen sa yo k ap prepare pou antre Etazini san papye yo: Kase tèt tounen kote ou soti a oubyen ale lòt kote.

Menm kant gouvènman Ameriken an ta vle depòte rapid rapid Ayisyen ilegal yo, ke yo ta kenbe nan fwontyè a, sa a se pa yon bagay k ap ka fèt kounyè a; leta Ameriken avèk leta Ayisyen ap dyaloge sou dènye desizyon sa a, desizyon ki gen pou wè a depòtasyon Ayisyen ilegal yo ke yo ta kenbe k ap eseye antre nan peyi Etazini.

Pou lemoman, daprè sa ke otorite imigrasyon yo di, y ap kenbe nan sant detansyon prèske tout Ayisyen ke yo ta kenbe nan fwontyè a, pandan ke y ap pwosès yo pou yo voye retounen an Ayiti.

Otorite imigrasyon peyi Etazini, sepandan, vle klarifye pou tout moun ke lwa sou azil politik la ap kontinye aplike kòm sa dwa a tout Ayisyen k ap kite Ayiti paske lavi yo an danje pou rezon politik. Yon Ayisyen ki pè retounen an Ayiti paske gen menas sou tèt li pou yo tiye l oubyen maspinen l, y ap pase moun sa a entèvyou pou yo ka wè èske se vre menas sa yo ke li di ki pandye sou tèt li a kredib. Si yon ofisye imigrasyon detèmine ke menas sa yo kredib, imigran sa a kapab aplike pou azil politik nan peyi etazini.

Desizyon pou akselere depòtasyon Ayisyen ilegal yo pa gen anyen pou wè avèk Ayisyen sa yo k ap viv nan peyi a sou TPS.

Advertisements

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s