Kote Opozisyon Eklere a Pase nan Peyi a?

Pandan teworis Lavalas yo chita kò yo yon kote a, se moman pou nèg k ap fè “opozisyon eklere” yo, nèg tankou Clarens Renois yo, okipe espas la pou y ap pwopoze a nasyon an lòt altènativ a sa ke administrasyon Prezidan Jovenel Moise la ap pwopoze yo.

Depi teworis Lavalas yo sispann kraze brize nan peyi a, depi lè teworis Lavalas tankou Moise Jean-Charles yo mete labouwoundis yo yon kote a, ou pa tande son diskòdans menm nan politik la nan peyi a.

Èske sa vle di se teworism sèlman nou ka fè? Èske sa vle di se teworism –politik kraze brize –ki politik opozisyon pou nou? Nou pa vle kwè sa. Nou kwè politik opozisyon dwe marye avèk politik sivilite. Se sa a ke nou rele “opozisyon eklere” a.

Moman sa a se moman pou mesye sa yo ki pa nan kan teworis Lavalas yo e ki pa nan kan administrasyon Prezidan Jovenel la, nèg sa yo ki pa kanpe nan lojik politik kraze brize teworis Lavalas yo, vini avèk lòt preskripsyon politik pou nasyon an pou balans politik la kapab fèt.

Nou pa ka kite administrasyon an ap gaye pay san nou pa p prezante altènativ. Demokrasi pa fonksyone konsa. Dwe gen yon opozisyon ki kanpe an fas administrasyon Prezidan Jovenel la.

Lè n di opozisyon an, n ap pale de yon “opozisyon eklere,” pa yon gwoup teworis k ap fè politik kraze brize, k ap lapide moun avèk kout woch, k ap mete dife nan byen prive moun, k ap volè afè ti machann nan lari a, k ap kraze vit machin moun, k ap di manman pitit pou yo ekri non pitit yo anba plat pye yo si yo pa respe modòd yo lanse yo. Nou rejte tout fòm de teworism nan peyi a.

Nan tout Demokrasi dwe gen opozisyon pou deba yo kapab byen pran pye nan respè youn pou lòt –kote ke se agiman k ap debat, non pa atak pèsonèl ak menas lanmò k ap fèt sou moun ke n pa dakò avèk yo. Se lè dosye yo ap debat tout bon vre ke nou kapab jwenn meyè fason pou nou abòde yo, meyè fason pou nou avanse.

Alòs, dwe gen yon opozisyon serye, yon “opozisyon eklere” –ki pa p konfonn teworism ak politik opozisyon –pou nou kapab byen fè politik la nan peyi a.

 

Clarens Renois Pou Premye Minis

clarens-renois

Clarens Renois

Aprè ke eleksyon yo fin byen pase nan peyi a, nan jou ki te Dimanch 20 Novanm nan, daprè jan tandans la ye nan mitan popilasyon an, nou kwè ke Jovenel Moise genyen eleksyon an avèk yon majorite ekrazant. An nou pa menm bezwen pale de dezyèm tou. Avèk yon sèl kout kle a, machin nan pati e li pran direksyon pwogrè ke peyi a t ap tann depi lontan an.

Pou kantite pwoblèm k ap tann Jovenel Moise, n ap mande pou misye pa pèdi tan pou li mete kanpe ekip tranzisyon li a prese prese pou li kòmanse ap bay administrasyon li a fòm li sipoze genyen an. Men etan done ke premyè pozisyon ke l ap bezwen jwenn moun pou li a se pòs premye minis la, n ap mande pou misye fè chwa sa a avèk anpil tèt frèt ak sajès politik; chwa sa a ap defini ki sa misye vle akonpli vre nan 5 lane li pral pase nan tèt peyi a.

Nou bezwen yon premye minis ki konpetan, ki vle travay, ki jèn, ki pataje vizyon Jovenel pou peyi a, e ki ka garanti tout sektè nan peyi a ke li pral travay nan enterè peyi a, pa nan enterè politik pati ki sou pouvwa a.

Nou ta swete Jovenel rele Clarens Renois pou l bay misye pòs Premye Minis la pou l ka mete kanpe yon gouvènman serye ki chita sou konpetans, kalifikasyon ak onètete –san konsiderasyon de nan ki pati moun sa yo ki pral fè pati de gouvènman an ap soti.

Clarens pa premye moun nan lis nou an non. Premye moun nan lis nou an se Daniel Rouzier; dezyèm moun nan se Charles Henri Baker; twazyèm nan se Reginald Boulos. Men nou deja konnen ke anba rasis po nwa sa yo ki nan Paleman an k ap bezwen pou ratifye chwa a, koulè ak klas sosyal mesye sa yo deja poze pwoblèm politik pou yo. Men nou t ap pi alèz pou se ta youn nan yo twa a ki ta PM nan pou konpetans ak eksperyans yo.

Jovenel ap chwazi Clarens kòm yon chwa estratejik –misye plis parèt tolerab e konsilyatwa. Misye vle travay e li ka travay. Nou plis kwè ke misye gen plis chans pou yo ratifye l nan Paleman an ke lòt twa mesye nou te site avan yo. Si misye ta fin pase etap ratifikasyon an nan Paleman an, nan gouvènman l ap gen pou l mete kanpe a, nou ta swete ke li retounen avèk Stephanie Villedrouin kòm minis touris epi Nesmy Manigat kòm minis edikasyon nasyonal. 2 moun sa yo te briye pa konpetans e dinamism yo nan gouvènman PM Lamothe la.

Erè nou pa ta vle pou Jovenel fè, nou pa ta vle li konsantre sou zafè pati politik pou l mete moun nan pouvwa li a. Misye sipoze pran tout moun, kèlkeswa moun nan, nan kèlkeswa pati politik moun nan ye a. Misye ap bezwen mete kanpe yon pwofil ki chita sou kalifikasyon, konpetans ak onètete. Depi moun nan “fit” pwofil la, li gen plas li nan pouvwa a. Pa jere zafè nèg nan ti pati PHTK ak alye. Li ka fè sa nan ekip konseye politik e teknik ke l ap genyen nan palè a avèk li, men pa nan administrasyon zafè Leta a.

Nou vle pou tout Ayisyen frè ak sè nou yo konprann ke politik zingzani an fò k li fini nan peyi a paske li pa p menmen nou okenn kote. Nou bezwen fè yon politik ki eklere, kote nou sispann pèsonalize politik la.

Sou rezo sosyo yo, kòm anpil moun te kapab obsève, nou te youn nan moun ki te mennen yon kanpay fawouch kont Clarens Renois pandan tout kanpay elektoral la paske kandida pa nou an se te Jovenel Moise. Sepandan, gade ki jan jounen jodi a se nou menm k ap mennen kanpay pou li Premye Minis. Se konsa nou dwe fè politik la.

Sa anpil moun pa konprann sè ke kanpay la fini –pa gen kanpay prezidansyèl ankò. Kounyè a se moman pou n pase o travay, pou n gouvène zafè Leta a pou byennèt peyi a; se moman pou n reyini tout moun an fonksyon de talan e konpetans yo pou yo mete yo o sèvis de peyi a.

Batay politik nou t ap mennen kont Clarens la pa gen anyen pèsonèl ladan l. Se konsa jwèt politik la jwe. Barack Obama te mennen yon kanpay gason pa kanpe kont Hillary Clinton an 2008. Lè li fin prezidan, ki sa nou te wè li fè? Li rele Hillary pou li vin travay pou peyi a. Li mete l nan Depatman d Eta a. Hillary pa t fè gwo lestomak pou l ap di li pa nan bagay konsa, Obama genyen eleksyon an se pou l degaje l avèk moun li yo pou li dirije peyi a. Non. Epi tou, sa pa t ap fè okenn sans.

Gen yon grand diferans ant mennen yon kanpay politik ak gouvène yon peyi. Si ou te gen yon diskou sektoryèl ki chita sou divizyon pandan kanpay la, lè ou fin genyen, ou bezwen itilize yon diskou k ap rasanble tout moun paske, antan ke prezidan, ou se prezidan tout moun, menm moun sa yo ki te opozan fawouch ou yo nan kanpay la. Nivo de refleksyon sa a, anpil entèlektyèl Ayisyen pa ko ka dijere l. Yo pran kanpay politik la trè pèsonèl. Yo pa wè l kòm yon jwèt tankou “box” ak karate non, yo wè l kòm yon zafè pèsonèl.

Alòs, n ap fè apèl a sans de sajès politik Jovenel pou misye pran Clarens Renois kòm premye minis li. Si misye ta arive fè sa, li t ap youn nan pi gwo desizyon li ta kapab pran, e li t ap trè byen resevwa nan majorite sektè yo nan peyi a. Nou ta renmen misye tande e li pran ti konsèy sa yo ke nou te pote pou li yo. Nou swete misye anpil siksè nan dezisyon ke l ap genyen pou l pran nan non peyi a. Konsa, aprè 5 lane li a, nou va gen yon peyi ki fè anpil pwogrè politikman, eknomikman e sosyalman.