YON KONSÈY A PREZIDAN MICKY

President Michel J. Martelly

Ekip relasyon piblik gouvènman peyi a sipoze genyen yon paj Youtube ki OFISYÈL menm jan Mezon Blanch nan peyi pa bò isit Ozetazini genyen youn an. Men pa Mezon Blanch la: http://www.youtube.com/user/whitehouse#p/u/14/BvwB0guyuNk

Nan ekip medya gouvènman peyi a, sipoze genyen kameraman pwofesyonèl ak fotograf pwofesyonèl (m pap pale de matchòkwèt non; m ap pale de moun ki ale lekòl e ki konn sa y ap fè a) ki pou toujou ap deplase ak prezidan an, premye minis la ak lòt gwo tèt nan gouvènman an pou y ap filme e pran foto gwo evènman sa yo k ap pase nan gouvènman an.

Videyo sa yo, lè yo fin filme yo, sipoze poste sou paj ofisyèl Youtube sa. Sa fè pati de sèvis relasyon piblik gouvènman an.

Konsa, lè yon gwo evènman tankou seremoni envestiti Prezidan Martelly an  oubyen seremoni drapo a ki te fèt nan Akayè maten an fin pase, si yon moun ta anvi ale gade l sou entènèt, li pa ka ap depann de vye boutlèg videyo ki pa ofisyèl nenpòt moun ap poste nan Youtube. Sa pa fè bèl e li pa fè sans.

Jan w toujou ap di a, Prezidan Micky, e mwen antyèman dakò avèk ou, fòk nou kòmanse ap vann yon lòt imaj de Ayiti. E ide sa m ap ba w la, limenm tou rantre nan kad vann yon lòt imaj de Ayiti a. Nou ka fè ti sa. Li pa anyen; nou reyalize pi gwo bagay pase sa.

One comment on “YON KONSÈY A PREZIDAN MICKY

  1. mwen te vle di mem bagay la. yo mete nimpot foto tet chat lan tout facebook pou tout moun ka we. pa gen moun pou chwazi ki foto nan yo bon pou pibliye et ki foto yo dwe kenbe pou ko yo? fok nou agi tankou yon peyi serieu, avec professionel. yon ti conte youtube/flickr se pa anyen li ye. ou gen raison, se ten map ten ‘palaisnational.ht’

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s