Ekip relasyon piblik gouvènman peyi a sipoze genyen yon paj Youtube ki OFISYÈL menm jan Mezon Blanch nan peyi pa bò isit Ozetazini genyen youn an. Men pa Mezon Blanch la: http://www.youtube.com/user/whitehouse#p/u/14/BvwB0guyuNk
Nan ekip medya gouvènman peyi a, sipoze genyen kameraman pwofesyonèl ak fotograf pwofesyonèl (m pap pale de matchòkwèt non; m ap pale de moun ki ale lekòl e ki konn sa y ap fè a) ki pou toujou ap deplase ak prezidan an, premye minis la ak lòt gwo tèt nan gouvènman an pou y ap filme e pran foto gwo evènman sa yo k ap pase nan gouvènman an.
Videyo sa yo, lè yo fin filme yo, sipoze poste sou paj ofisyèl Youtube sa. Sa fè pati de sèvis relasyon piblik gouvènman an.
Konsa, lè yon gwo evènman tankou seremoni envestiti Prezidan Martelly an oubyen seremoni drapo a ki te fèt nan Akayè maten an fin pase, si yon moun ta anvi ale gade l sou entènèt, li pa ka ap depann de vye boutlèg videyo ki pa ofisyèl nenpòt moun ap poste nan Youtube. Sa pa fè bèl e li pa fè sans.
Jan w toujou ap di a, Prezidan Micky, e mwen antyèman dakò avèk ou, fòk nou kòmanse ap vann yon lòt imaj de Ayiti. E ide sa m ap ba w la, limenm tou rantre nan kad vann yon lòt imaj de Ayiti a. Nou ka fè ti sa. Li pa anyen; nou reyalize pi gwo bagay pase sa.