“Koulè Jezi Pa Enterese M Paske Sa Pa Enpòtan.”

Pa gen yon moun k ap li tèks sa a ki ka di m yo pa janm tande Kretyen Ayisyen yo –moun sa yo ki nan relijyon pèpè sa a ki rele Kretyènte a –ap repete pawòl tèt anba, pawòl san sans sa a. Jodi a, nou pral fè yon ti brase lide, yon ti bat bouch sou li. [Nòt: Yon relijyon pèpè se yon relijyon ki soti lòt bò dlo].

Si koulè Jezi pa enpòtan, pou ki sa Blan je vèt yo pran imaj yon mesye Blan je vèt ki sanble avèk yo epi yo di w se Jezi a sa?

Si koulè pa enpòtan vre nan reprezantasyon ak idantifikasyon, pou ki sa nan tout imaj kote y ap montre w Satan, yo reprezante l kòm yon kreyati a po nwa?

Ou pa janm poze tèt ou kesyon sa k fè sa? Ou pa janm itilize kapasite rezònman w pou w poze kesyon sou reprezantasyon ak idantifikasyon moun sa a yo di w ki Jezi a? Si w pa janm fè sa, ki sa w chwazi fè avèk entelijans sa a ke ou genyen an, entelijans sa a ke ou di Bondye bay ou a?

Si koulè Jezi pa enpòtan, mande mezye pastè, prèt, monseyè, elatriye yo –moun relijyon pèpè sa yo andedan peyi a –pou yo retire Jezi Blan je vèt y ap adore a pou yo ranplase l pa yon Jezi po nwa avèk “dreadlocks,” ki sanble avèk pèp Ayisyen an, pou w wè sa y ap di w.

Men se vre. Ayiti pa ka yon peyi moun po Nwa ap viv ladan l, sepandan mòdèfòkè yo pran imaj yon Blan je vèt epi yo fè moun yo ap priye l kòm kwa se li ki Jezi yo a. Sa k touye m pi mal la sè ke ou wè moun yo twouve ap priye imaj mesye Blan je vèt la vre wi. Se pi gwo estipidite ke m te kapab ap viv etan ke moun.

Imaj, nan domèn “marketing,” sitou nan sa ki gen a wè a pwopagann [vann yon ideyoloji ak yon filozofi], reprezante yon gwo bagay. Lè yon moun ap gade yon imaj tout tan e pou lontan, imaj sa a vin anrejistre nan sibkonsyan moun sa a. E lè moun sa a atribye imaj sa a a yon moun oubyen yon choz, chak lè li bezwen fè referans a choz la oubyen moun nan nan panse l, se imaj sa a ki anrejistre nan sibkonsyans li a li dekese nan panse l epi li mete l deyò. Se sa yo rele an Anglè “visual effect” la, sitou nan domèn “marketing.”

Ban m bay nou yon ti egzanp de yon eksperyans pèsonèl ke m te fè pou m ka ilistre sa m vle di a, yon fason k ap pèmèt nou konprann pi byen ki enpòtans imaj genyen nan reprezantasyon ak idantifikasyon.

M pase 7 lane kay frè Gonayiv yo [“Frères de l’Instruction Chretienne”] nan kad edikasyon primè m. Kay frè yo se yon enstitisyon Katolik li te ye e li toujou ye. Andedan chak klas yo, te konn genyen yon gwo foto Jezi Blan je vèt ki ankadre nan yon ankademan ki plake sou panno devan an, kote tablo a ye a. Chak jou m te konn pase andedan klas la, pou kantite de tan m te konn pase nan klas la, m ap gade Jezi Blan je vèt sa a. Imaj sa a anrejistre nan sibkonsyan m pou lavi. Jis jounen jodi a, aprè bon nonb ane ki pase, chak lè m fèmen zye m pou m panse avèk Jezi, se imaj Blan je vèt sa a m toujou wè ki parèt. Tout efò m fè pou m retire imaj sa a nan panse m, li pa ka soti. M menm panse fò k se nan yon “mental rehabilitation program” pou m ta antre pou yo ta ede m retire imaj sa a nan sibkonsyan mwen. Alòs, nou wè ki enpak sikolojik imaj genyen nan ede nan andoktrinasyon yon gwoup moun?

Gen yon ti pawòl ki di si w bezwen yon sosyete yon jan ke ou vle l ye, ou dwe kòmanse fè travay la nan timoun k ap leve yo, paske timoun pi fasil pou yo andoktrine ke granmoun. Se sa ki fè m gen gwo pwoblèm avèk travay moun sa yo ki nan relijyon pèpè sa yo ap fè andedan peyi a. Yo deranje pèp Ayisyen an, sitou a travè lekòl yo mete andedan peyi a. Se pa mete lekòl la ki pwoblèm nan non… pwoblèm nan se ki sa yo vle akonpli avèk lekòl sa yo ki pwoblèm nan. Lekòl sa yo ke yo mete andedan peyi a antre nan kad estrateji relijyon pèpè sa yo pou yo ka fè doktrin y ap vann nan byen chita nan sosyete a.

Ayiti se tankou yon savann kote tout bèt vin pwonmennen, fè sa yo vle, jan yo vle e lè lide yo di yo. Depi yon bagay se Blan je vèt ki fè l, otomatikman nan panse pa nou, li se bon bagay. Se pa tout fwa panse sa a revele l vrè. Majorite dè fwa, nou twouve nou nan erè avèk tèt nou, paske moun sa yo gen pwòp ajannda pa yo, ki toujou kontrè a ajannda pa nou menm Ayisyen.

Alòs, pou nou retounen nan sijè n ap trete a, m vle di nou ke koulè Jezi gen gwo enpòtans. Si li pa t enpòtan, nan tout sosyete moun relijyon pèpè sa yo t ap eseye etabli yo, ou t ap wè yo t ap reprezante Jezi nan yon fason pou l sanble avèk moun ki nan sosyete a. Gen yon rezon ki fè yo pa fè sa… gen yon rezon ki fè Jezi pa yo a sanble avèk yo. Se pou yo ka pwopaje oubyen pwomote filozofi “White supremacy” yo a, ki pou fè w kwè nan siperyorite ras Blan je vèt la sou moun Nwa yo ak moun lòt ras yo. Konsa, lè w kanpe devan yon Blan je vèt, pou w ka toujou kwè nan panse pa w ke li siperyè a ou menm, ou enferyè a li menm. Se konsa yo kenbe w nan lesklavaj mantal la, se konsa yo anprizone w sikolojikman.

Nou dwe konprann estrateji moun Blan je vèt yo si nou vle konbat yo. Konbat yo pa p fasil non, sitou lè nou annafè avèk yon dal anbasadè [moun po Nwa tèt grenn tankou nou] ke yo genyen nan mitan nou, ki kwè yo pi Blan je vèt ke Blan je vèt yo, e yo pi Kretyen ke moun sa yo ki te envante relijyon pèpè ki rele Kretyènte a.