Gen anpil nan mesye pastè yo k ap preche yon levanjil Wòyòm Selès, kote y ap di fidèl yo ke politik pa yo a se nan syèl pou yo fè l. Sa se yon gwo pwoblèm.
Menmjan Kretyen an gen yon vi relijyez li pa ta renmen wè ki pa kodyòm ak Pawòl Bondye a, se konsa tou li gen vi sosyal ak sivik li tou ki pa sipoze neglije. Li sipoze patisipe nan pwosès demokratik la tou kòmsadwa. Kidonk, li sipoze vote.
Li iresponsab pou yon pastè ap di fidèl li pingga yo vote pou lemond; se pou Jezikris pou yo vote. Nou tande jan de pawòl degrenngòch sa yo touttan nan yon seri de legliz.
Fidèl yo ap viv nan sosyete a tou. Kidonk, desizyon k ap soti nan pouvwa anplas la, yo afekte vi fidèl yo tou. Se pa vi payen yo sèlman non ki afekte. Se sa k fè Kretyen yo tou sipoze patisipe nan pwosès demokratik la.
Si w pa vote pou w di men ki moun ou vle ki pou jere zafè pèp la, ou pa ka ap kritike, ap soteponpe lè bagay yo ap mal fèt. Se pou Jezikris ou te di ou t ap vote, se pou w fèmen bouch ou lè zafè w ap mal jere.
Vote, pou Kretyen an, se yon dwa ke li ye -menmjan li se yon dwa pou l jwenn bonjan ledikasyon, lasante, elatriye. Wi, l ap batay pou l ale nan syel, men pandan li sou latè a, se yon devwa li ye pou l vote, pou l patisipe nan desizyon k ap pran pou detèmine ki moun ki pou dirije zafè peyi a. Si l pa patisipe nan pwosès la epi zafè peyi a ap mal jere, li fè pati de moun sa yo ki responsab bagay yo ap mal pase a. Kidonk, li sipoze vote.