Nou Pou KONSÈTASYON, Pa NEGOSYASYON

Nou tonbe sou nòt an Fransè sa a ke Onorab Depite Gary Bodeau (Boukliye-Dèlma) mete deyò maten an pou l ka fè konnen ki pozisyon li fas a konjonkti politik, pòs-elektoral la nan peyi a. Men sa li di nan nòt la:

Opinions…

Quel avenir les politiciens haïtiens se réservent-ils dans ce pays? Veulent-ils vraiment continuer à participer à la vie politique?

Après 155 millions de dollars américains dépensés pour deux (2) élections présidentielles dont les résultats restent inchangés, il est venu le temps de reconnaitre la victoire du candidat élu dès le Premier tour.

L’ équipe au pouvoir ne peut se permettre le luxe de ne pas PASSER le pouvoir au président élu le 7 février 2017. Le jeu ne vaut pas la chandelle. Les tours de passe-passe au CTV, ne pourront en aucun cas ni altérer ni invalider le vote populaire.

L’heure n’est plus à la CONTESTATION. De vraies NÉGOCIATIONS sur les politiques publiques et la formation d’un gouvernement INCLUSIF visant l’amélioration des conditions de vie du peuple doivent débuter sans délai.

Les haitiens et les haïtiennes méritent des jours de paix et de bonheur. Ensemble, nous pouvons réécrire l’histoire et offrir des opportunités à la jeunesse.

Gary Bodeau

Député du peuple

50ème législature

Tout sa depite a di yo se sa. Men nou pa dakò avèk li lè l ap pale de NEGOSYASYON ant move pèdan yo [chèf teworis Lavalas yo –Jude Celestin, Moise Jean-Charles ak Maryse Narcisse –ki mete gwoup teworis parèy yo nan lari a pou ap teworize popilasyon an] ak Prezidan Jovenel pou monte yon pouvwa ENKLIZIF.

Nou pa gen pwoblèm ak kreyasyon pouvwa enklizif la non. Nou gen pwoblèm ak pawòl negosyasyon avèk move pèdan yo. Nou

Nou menm, nou pou KONSÈTASYON, pa NEGOSYASYON. Gen yon gwo tonton diferans nan 2 mo sa yo. Konsètasyon vle di kowoperasyon, tèt kole pou n travay; negosyason vle di ban m sa a, m ap bay ou sa a. Se lè yon moun pran pouvwa a mal, li pa gen lejitimite popilè, li negosye pouvwa. Lè se pèp ki bay ou pouvwa, ou konsète avèk opozisyon.

Prezidan Jovenel jwenn manda e lejitimite li a nan men pèp la. Alòs, pa gen okenn politisyen raketè, politisyen move pèdan k ap vin pase l lòd, k ap vin di l se pou l negosye, jan nou te tande anpil politisyen Dubreus, politisyen Jesifra ap pale deyo a. Li pa rete avèk okenn politisyen raketè. Li gen yon sèl bòs sou tèt li, bòs sa a rele pèp la. Nou vle pou mesye sa yo klè sou dosye negosyasyon y ap pale a.

Prezidan Jovenel pa janm di l ap gouvène peyi a sèlman avèk ti gwoup pa li a. Li toujou di nan tout entèvansyon l ap fè an piblik ke administrasyon pa li a ap gen tout moun ladan l –kèlkeswa apatenans politik moun nan. Men se moun ki KONPETAN, ONÈT, KALIFYE k ap ladan l. Se pa yon gouvènman politisyen tradisyonèl panse y ap vin negosye pou yo jwenn ministè pou y al fè gagòt epi gouvènman an vin pyeje, li vin pa ka ateri pou popilasyon an k ap soufri a, ki nan mizè a.

Alòs, nou menm k ap kore Prezidan Jovenel la, nou di KONSÈTASYON WI, NEGOSYASYON NON.

Prezidan Jovenel jwenn manda li nan men pèp la. Pa gen okenn politisyen rat do Kale, raketè, tradisyonèl, abolotcho k ap vin tòdye men l pran li nan men l pou l pa vin regle anyen ki serye –nèg ap vin vòlè epi anyen pa janm chanje nan kondisyon mas defavorize a. Nou pa p kite sa pase. Se sa k fè n ap rete vijilan pou n ap veye yo. Ap gen administrasyon k ap fè fayit wi, men se pa p administrasyon sa a. Fwa sa a, fò k peyi a pran wout devlopman an, fò k mas pèp la jwenn tout bon.