Senatè Cantave Rann Omoseksyèl yo Responsab Tout Kalamite ki Frape Peyi a

cantave

Senatè Carl Murat Cantave (KID-Latibonit)

Nan yon atik ki pibliye Vandredi 21 Oktòb la nan jounal Le Nouvelliste, ki gen pou tit “L’homosexualité, la cause de nos malheurs, selon Carl Murat Cantave,” jounal la fè konnen ke Senatè Cantave (KID-Latibonit), ki t ap patisipe nan Panel Magik, yon cho ki pase sou radyo Magik 9 etan Pòtoprens, rann tout omoseksyèl yo nan peyi a responsab tout kalamite  –goudougoudou, siklòn, tanpèt, grangou klowòks, sechrès, inondasyon, kidnaping, elatriye –ki frape peyi a.

Pou misye te kapab kore pawòl kremòl li a, li ale nan Labib pou li te ka defripe katastwòf ki te pase nan 2 vil sa yo, Sodòm ak Gomò, kote ke, daprè sa ki ekri, dife te detwi yo ra pye tè.

Daprè sa misye di ke Labib la di, se Bondye ki te detwi 2 vil sa yo paske moun yo ki t ap viv ladan yo a te tonbe nan fè masisi ak madivinèz. Alòs, jodi a, akoz ke masisi ak madivinèz yo nan peyi a ap reklame dwa yo, daprè sa li di, Bondye ap lage chatiman li sou peyi a sou fòm de goudougoudou, siklòn, tanpèt, grangou klowòks, sechrès, inondasyon, kidnaping, elatriye.

Nou refize kwè ke 2 vil sa yo te detwi senpleman paske moun yo ki t ap viv ladan yo a te tonbe nan fè masisi ak madivinèz, jan misye di a. Nou pa vle kwè ke omoseksyalite se sèl peche, si l se yon peche vre, ke moun nan 2 vil sa yo t ap pratike ki te lakoz Bondye te detwi yo a, jan misye vle fè konprann nan.

Nou tande Levanjil yo fè referans souvan a istwa sa a ki nan Labib la. N ap mande nou si sa pa antre nan estrateji pwopagann moun sa yo pou yo ka montre rezistans yo vizavi omoseksyèl yo nan sosyete a. Nou plis kwè se sa li ye wi, paske pou tout peche –fònikasyon, adiltè, medizans, koripsyon, dyesèlmevwa, dwèt long siperyè, tafyatè, elatriye –ke moun yo t ap pratike nan sosyete sa yo pou se omoseksyalite dirèk ke moun Levanjil yo sible kòm rezon ki fè Bondye te detwi vil sa yo.

Nan dividal charabya misye t ap mete atè sou radyo a, li gen yon kote li rive li di: “Fò k nou mete baliz pou n anpeche ke jan de bagay sa yo blayi nan peyi a, pou yo pa detwi jenès la ak sosyete a, pou Bondye pa vire do bay nou sou wout devlopman an.” Si sa misye di yo te sa vre, peyi Etazini, yon peyi ki bay masisi ak madivinèz yo tout dwa yo, ta sipoze pi mal ke Ayiti wi. Peyi sa a, ki rekonèt dwa moun sa yo pou yo marye e adopte timoun, ta sipoze detwi deja pa goudougoudou, sechrès, tanpèt, siklòn elatriye wi. Peyi sa a ta sipoze peyi ki pi pov nan mond la wi… li ta sipoze pi soudevlope e an reta ke Ayiti wi.

N ap raple w ke Senatè Cantave, ki fè deklarasyon tèt anba sa a, deklarasyon degrenngòch sa a, pa nenpòt ki moun. Misye se yon doktè li ye, yon moun ki te pase yon bon bout tan t ap bay moun laswenyay nan peyi a, avan li te foure tèt li nan politik.

Kesyon n ap poze tèt nou se: èske Levanjil fè entèlektyèl Ayisyen yo parèt pi inyoran e pi enbesil ke jan yo ta sipoze ye?

Nou poze tèt nou kesyon sa a paske nou pa ka konprann ki jan pou yon moun ki fè gwo etid, ki li nan gwo liv, yon nèg ki sipoze gen yon apwòch syantifik sou tout dosye ke l ap reflechi sou yo, fè ap repete jan de betiz konsa sou radyo pou tout yon peyi ap tande l.

Si pou yon entèlektyèl ap fè jan de refleksyon banal konsa, li pa vo lapèn pou moun ale lekòl pou yo ka edike tèt yo. Moun tankou Senatè Cantave sa yo fè lekòl vin parèt tankou yon kote moun ale pou yo gaspiye tan.

Sa k pi grav la sè ke se pa misye sèlman non kòm Levanjil ki panse konsa. Majorite moun sa yo nan peyi a –ni sa ki entèlektyèl ni sa ki pa konn g-a ga nan fèy malanga yo –ap repete menm betiz la. Alòs, pou nou menm, se Levanjil la ki mete moun sa yo nan eta inyorans sa a, eta enbesilite sa a ke yo twouve yo a. Li retire nan moun sa yo kapasite pou yo reflechi, kapasite pou yo fè sans nan refleksyon yo. An gwo, li fè yo parèt tankou se yon dal zonbi, yon dal moun san nanm k ap mache pale tenten sou moun.

Nou vle raple senatè a an pasan ke Ayiti se yon demokrasi ke li ye, yon peyi ki gen yon Konstitisyon kòm bousòl li… li pa yon teyokrasi, kote ke se Labib ki Konstitisyon li. Tout teyokrasi se diktati.

Se pa nou tout Ayisyen yo ki kwè nan sa ke misye kwè a. Alòs, li pa ka enpoze fwa relijyez li sou nou tout 10 milyon Ayisyen yo. Sèl kote misye gen dwa fè bagay konsa se lakay li, sou pitit li ak madanm li. Pa gen moun k ap chita gade misye ki vle retounen peyi a sou wout diktati a ankò, yon wout ke nou te sèmante 7 Fevriye 1986 pou nou pa janm mache landan li ankò.

Pou n fini, n ap di senatè a pou li desann chwal sa a ke l ap galope a paske l ap fese l frape atè avan lontan. Nou pa kwè moun Latibonit yo te vote pou yon pastè ki pou te vin reprezante yo nan Sena a. Si yo t ap chèche yon pastè, nou pa kwè se pou yo te voye l nan Sena a vin reprezante yo; se nan legliz yo t ap voye misye. Alòs, se pou misye fè travay moun yo jan yo swete pou li fè sa. Misye vrèman ap fè moun Latibonit yo wont nan banalite sa yo ke l ap akouche nan Sena peyi a, patikilyèman nan sa ki gen pou wè a dosye entegrasyon masisi ak madivinèz yo nan sosyete a. Antan ke yon entèlektyèl, se pa nan nivo banal sa a nou te janm panse misye t ap mete dosye a. Sa vrèman fè wont, sa vrèman pa fè onè ak valè moun Latibonite yo.

 

 

 

 

 

#MassiMadi: Senatè Cantave Voye Deyò

cantave

Senatè Carl Murat Cantave (KID-Latibonit)

M pa p antre nan zafè kalòt ki t ap voye nan Sena peyi a ant Senatè Cantave, youn nan senatè Latibonit yo, avèk Senatè Benoit, youn nan senatè Lwès yo. M ap kite dosye sa a pou yon lòt lè.

Sèl sa m ap di sou li sè ke sa pa fè ni onè ni valè enstitisyon yo fè pati de li a, ki se Sena peyi a, ak moun nan depatman yo reprezante yo.

Jan de zak babarik, zak moun ki pa sivilize, zak moun sovaj sa yo pa sipoze ap pase nan Paleman an, ankò mwens nan Sena a kote ke moun ki ladan li yo ta sipoze dè saj. N ap kite sa la.

Sa ki vrèman atire atansyon m, e ke se li m vle adrese, se lè Senatè a di nan yon deklarasyon ke li te fe nan cho nouvel Lilianne Pierre Paul la, sou radyo Kiskeya:

Antan ke Kretyen, mwen pa ka aksepte pou ke omoseksyèl ap layite kò yo nan peyi Jean Jacques Dessalines nan konsa, kote m pa t vle ni moun ki nan afè madivinèz ni moun ki nan afè masisi [je veux parler des homosexuels en general] anvayi peyi a paske se yon ‘depravation de la famille,’ yon ‘depravation de la jeunesse’…

Nou respekte pozisyon senatè a wi sou dosye #MassiMadi a. E nou kwè se dwa l pou li gen pozisyon opoze ke li genyen an nan ekzèsis demokratik ke n ap fè a. Men lè li di “mwen pa ka aksepte pou ke omoseksyèl ap layite kò yo nan peyi Jean Jacques Dessalines nan konsa” a, la a nou gen pwoblèm.

Peyi Desalin nan pou li, pou mwen e pou sa yo tou ki gen yon oryantasyon seksyèl diferant de pa mwen menm avèk li a. Alòs, li pa ka di ke li pa ka aksepte pou masisi ak madivinèz ap layite kò yo nan peyi a.

Ebyen, misye se yon diktatè ki maske. Si se sa misye ye, se pou l di nou sa de kwa pou n ka konnen avèk ki moun nou annafè, ki moun sa a ke nou menm moun Latibonit voye vin reprezante nou an.

Aprè nou te fin mete do diktati Duvalier a atè, nou te sèmante pou n pa janm tonbe nan diktati ankò, ni pou n pa kite okenn apranti diktatè ap fè nou lalwa sou ki jan nou menm nan sosyete a dwe viv.

Epi tou, ki sa senatè a ap fè avèk “separation of church and state” la, ki se yon prensip fondamantal de demokrasi a? Nou ta swete pou senatè a fè yon ti voye zye li sou prensip sa a nan gwo liv l ap li yo.

Senatè a di ankò ke masisi ak madivinèz yo se “depravation de la famille” ak depravation de la jeunesse.” Sa a pa fin dakò avèk ni evidans ni eksperyans ke nou fè nan sosyete a.

Masisi ak madivinèz yo te toujou ap viv nan mitan nou wi. Senatè a fè kòmsi yo se yon dal ekstraterès ki fèk tonbe nan peyi a. Depi m konnen m gen konesans, m leve wè yo la. Yo se frè nou, sè nou, kouzen nou, kouzin nou, zanmi nou, kondisip nou, kòlèg nan travay nou, machann k ap vann nou legim ak lòt pwodwi nan mache, yo se kwafè ak estetisyèn nou, elatriye… m pa konprann ki jan fè pou se kounyè a lafanmi ak lajenès ap deprave non mwen.

Pozisyon senatè a sou dosye Massimadi a, pandan ke nou respekte l, n ap di ke li pa fè okenn sans, e li pa an amoni avèk demokrasi ke nou vle ki pou blayi nan peyi a. Si misye vle demokrasi, li pa ka ap viv nan tan pase, yon pase diktatoryal ke sosyete a chwazi voye yon kote. Se nan lane 2016 nou ye, pa lane 1916. Alòs, n ap di senatè pou l rele sou kò l.