Nou Fèk Sot Fè Eksperyans Avèk Yon Mal, An n Pa Pran Yon Pèt Pawòl Pou n Mete Sou Pouvwa a

Moise Jean-Charles28

Moise Jean-Charles, kandida pou prezidan [Pitit Desalin]

Ayisyen frè ak sè mwen yo: ou kwè nou ta ka rayi tèt nou tout bon vre nan eta sa a pou n ta pran yon moun ki pa prepare, ki pa gen yon pase nan politik ki ka montre w ke li ka fè siksè pou n mete nan tèt peyi a?

Misye te majistra Milo, li pa ka montre w pa a+b ki ajannda ekonomik li t ap ekzekite nan administrasyon vil la e ki chanjman KONKRÈ li pòte nan ekonomi vil sa a; li te nan Sena a, pa menm yon grenn lejislasyon li te entwodwi e esponnsorize nan non peyi a. Epi se moun sa a ou di m ou pral pran mete nan tèt yon peyi a GWO pwoblèm tankou Ayiti? An nou serye non, mezanmi. Nou fèk sot fè eksperyans ak yon mal, an n pa pran yon pèt pawòl pou nou mete sou pouvwa a tanpri.

M toujou pran ekzanp peyi Liberi avèk nou paske pa twò lontan de sa, peyi sa a t ap viv menm sitiyasyon ke Ayiti ap viv jounen jodi a. Men Liberyen yo montre ke yo entelijan ase pou yo fè yon chwa politik de yon moun k ap bon pou peyi yo a.

Liberyen yo te vote Prezidan Ellen Johnson Sirleaf paske li gen kapasite entèlektyèl pou li mete ekonomi peyi yo a, ki te fin kraze a, sou ray e li gen eksperyans nasyonal e entènasyonal.

Ellen Johnson Sirleaf te minis ekonomi sou Prezidan Tolbert de 1979 a 1980, li te yon gwo kad nan Bank Mondyal e li gen yon metriz nan ekonomi ke li dekwoche nan Inivèsite Harvard isit Ozetazini.

Prezidan Sirleaf pa t mennen yon kanpay sou eslogan ak lonje dwèt sou sa ki pa p mache nan peyi a selman non… li te mennen yon kanpay sou solisyon ekonomik ki fè sans, jistis sosyal ak estabilite politik. Ebyen, akoz de konesans, eksperyans ak lidèchip li, jounen jodi a, ekonomi peyi sa a se youn nan ekonomi k ap avanse ak vitès kwazyè sou Kontinan Afriken an.

M ap fini pou m di nou ke moun pa janm ka bay sa yo pa genyen. Menm kant ou ta renmen bay, fò k ou genyen pou w bay. An n koupe fache ak medyokrite e inyorans, k ap anfonse nou pi fon nan eta soudevlopman sa a ke nou ye a. Alos, si vreman nou renmen Ayiti tout bon vre, an nou pa vote sou emosyon, an n vote ak entelijans nou.