MANNIGET AP FET POU MANIGAT GEN ELEKSYON AN

Listwa pa janm bay manti, sitou lè l ap repwodwi tèt li. Moun ki pòte atansyon ak listwa, kè moun sa yo pa janm sou biskèt paske yo gentan wè sa k ap vini an pou yo ka prepare tèt yo.

An nou fè yon ti listwa pou nou ka byen konprann jwèt sa k ap jwe la a.

29 Novanm 1987, pèp souvren reponn an mas pou l patisipe nan eleksyon demokratik ki ta sipoze fèt kòmsadwa. Eleksyon sa yo te anile aprè lame te debake e masakre moun ki te kanpe sou lin pou yo te al vote. Chif yo mete deyò ta fè konnen te gen ant 30 a 300 moun ki te arrive pèdi lavi yo nan jou eleksyon sa yo, nan Riyèl Vayan.

http://en.wikipedia.org/wiki/Haitian_presidential_election,_1987

Aprè yo te fin anile eleksyon 29 Novanm yo, Jeneral Henri Namphy, ki li menm te nan tèt Konsèy Nasyonal Gouvènman an, te deside fè yon lòt eleksyon le 17 Janvye 1988. Te gen yon mobilizasyon jeneral ki te lanse pou te bòykote eleksyon sa yo. Pèp la pa t reponn ak apèl a; nan moun ki te nan laj pou vote yo, se sèlman 4% ki te ale nan eleksyon sa yo.

http://en.wikipedia.org/wiki/Haitian_presidential_election,_1988

Nan eleksyon bidon sa yo, eleksyon pèpè sa yo, eleksyon degrenngoch sa yo ki te fèt 17 Janvye 1988 la, Leslie Manigat, ki se mouche Madan Mirlande Manigat, ki gen pou kontre kòn li ak Michel “Sweet Micky” Martelly nan eleksyon 20 Mas 2011 yo, ak 10 lòt kandida san konsyans te deside benyen nan san konpatriyòt sa yo ke lame te asasine jou 29 Novanm 1987 la; yo te deside patisipe nan eleksyon sila yo.

Nan danse kole avek  KNG a, nan anpil zak anba tab ant Leslie Manigat ak gouvènman an plas la, yo te arive chwazi Misye Manigat pou yo fè l prezidan.

20 Jen 1988, kidonk 5 mwa aprè l fin prete sèman kòm prezidan, menm lame sa a ki te bay li mayèt la deside bay misye yon pakala yo retire l nan men l atravè yon koudeta. Kidonk, lame dekapote Misye Manigat epi pimpe do l voye nan kanpe lwen an ekzil.

http://en.wikipedia.org/wiki/Leslie_Manigat#1988_Haitian_Presidential_elections

Jodi a, nan eleksyon sila yo ki gen pou dewoule andedan peyi a jou 20 Mas 2011 lan,  Madan Manigat jwenn sipò Inite, ki se pati politik Prezidan Preval la, ki se prèske menm jan sa te pase an 1988, kote pouvwa an plas la te kanpe dèyè Leslie Manigat pou yo te fè l prezidan.

Kòm ou kapab wè, moun Manigat sa yo toujou rantre anba vant pouvwa an plas la pou yo kapab pran pouvwa a nan kèlkeswa eleksyon yo patisipe ladann an.

Lè w wè yon sitwayen tankou Jean-Henry Seant, yon ansyen kandida ki t ap kouri pou chèz boure a nan eleksyon 28 Novanm pase yo, di w gen manèv anba tab k ap fèt ant manm sosyete sivil la, KEP a ak Madan Manigat pou yo volè eleksyon an nan men Martelly, misye kapab konnen sa l ap pale a. Alòs, si Martelly pa pran tout dispozisyon pou anpeche sa pase, si se lè l fin pase a ki pou se lè sa misye ap rele bare, li ka pa ka defèt li ankò wi. Peze sou lenk sa a pou w ka li deklarasyon Jean-Henry Seant te fè a.

http://www.hpnhaiti.com/site/index.php?option=com_content&view=article&id=2453%3Ajean-henry-ceant-craint-des-fraudes-au-detriment-de-martelly&catid=18%3Aelections-2010&Itemid=28

Mwen, m wè bagay la yon lòt jan. M di nou deja ke Preval pa kanpe sou bit pou li bay pouvwa a. Men ki plan m sispèk misye gen anba men l:

Misye konnen trè byen ke se si yo volè eleksyon an sèlman pou Martelly pa prezidan. Epi ankò li konnen trè byen ke Martelly pa p jwe ak eleksyon sa a.

Misye ap deklare Manigat prezidan, mas pèp Martelly a ap kanpe mande krase brize, 2 kan yo ap batay youn ak lòt, epi li menm l ap envite kominote entènasyonal la vin envestige jan kontaj bilten yo te pase, kidonk menm jan li te fè pou eleksyon 28 Novanm yo. Rezilta envestigasyon kominote entènasyonal la ka abwouti ak 2 posiblite: a) Yo arive wè te gen magouy ki te fèt kont Martely, yo deklare se misye ki gen eleksyon yo; b) Preval wè sa ap yon anbarasman pou li, li deside anile eleksyon yo; li mande pou kat la rebat.

Nenpòt sa ki arive sòti a, Madan Manigat pa p aksepte l paske li di ke KEP a te konte tout vwa yo e ke yo jwenn se li ki gen eleksyon an.

Si tout fwa Preval ta kanpe pou l anile eleksyon yo, Manigat ap di pèp la vote deja, kidonk fòk chwa pèp la respekte; se li menm pèp la chwazi. L ap di ke rezilta eleksyon yo bay deja, e ke se li ki prezidan. E si l di sa, l ap gen tout rezon l paske si Martelly te nan menm pozisyon an se konsa l t ap di tou; li pa t ap janm vle pou yo anile yon eleksyon aprè yo fin deklare l ofisyèlman kòm moun ki genyen l. Sa pa t ap janm fèt.

Kounyè a nou vin tonbe nan yon kriz, yon tchouboum elektoral san parèy e san limit ankò k ap fè Preval rete sou pouvwa a ap vale teren jiskaske pa janm gen yon prezidan ki monte pou ranplase l.

Men m ba nou plan m sispèk Preval gen anba men l a. Alò, n a fè sa pou n fè avèk li. M pa konn sa kanpay Martelly a ap fè, men m ta swete yo rete vijilan pou yo pa kite yo pran yo nan yon kou pa konprann, pou yo pa kite Preval woule yo nan farin. Si nou pran pòz egare nou, nou pa louvri je nou, se afè k gade nou. Men nou pa p ka di ke nou pa t konnen.

One comment on “MANNIGET AP FET POU MANIGAT GEN ELEKSYON AN

  1. ki sa ou te vle di
    ou pa wont wap konapre yon moun ki gen yon si bel pase avek delekan parey ou a ki patisipe nan tout bagay ki pa bon,kou detan dile drog,imoral ki fe 22 zan ap desann pantalonl sou yon pep wap konparel ki pase tout vil ap prepare jenn fanm ak jenn gaso,le mete deyo Jamaik na pran poz estomake, le miki komanse ap desann pantalon le sa na mode dwet nou, sa ap byen fem mal mwen pral peye pou sa mwen pa fe paske selman peyi a chaje idio, opotinis,visye.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s