Frè F.I.C Yo Ap Pwazonnen Pèp La

Istwa AyitiBagay frè F.I.C yo mete nan ti liv Istwa d Ayiti a pou timoun Ayisyen ap etidye yo, kote yo jwenn yo?
 
Pa gen entèlektyèl aktivis Ayisyen konsekan ki janm pwoteste kont dividal manti sa yo ki nan ti liv sa a?
 
Pa ekzanp, ti liv la di ke se Kristòf Kolon ki te dekouvri Ayiti le 5 Desanm 1492, pa vre? Dekouvri Ayiti pou ki moun? Se kesyon sa a nou dwe poze tèt nou. Nou oblije poze kesyon sa a paske misye pa ta ka dekouvri yon tè ki te deja gen moun k ap viv sou li. Pou yo di se misye ki te dekouvri Ayiti, se kòmsi ou di m Tainos/Arawaks yo ke misye te jwenn ki t ap viv sou tè a pa moun, se zannimo yo ye. Se yon aberasyon e yon awogans ekstrèm pou Blan Fransè sa yo di ke se misye ki te dekouvri tè a. Dwe se pou Blan je vèt Ewopeyen li t ap travay pou yo a li te dekouvri li a.
 
Pa gen okenn kote nan ti liv istwa sa a ki dekri e prezante Kristòf Kolon kòm yon asasen, yon kriminèl, yon teworis. Alòske se sa misye ye, lè n etidye zak misye avèk teworis parèy li yo te komèt sou “Endyen” yo ke li te vin jwenn ki t ap viv pezibleman sou tè a. Yo pa di w verite sa yo paske se Blan je vèt Fransè yo, yon dal Blan rasis, yon dal “White supremacists” Fransè ki ekri ti liv sa a pou yo fè ti nèg an Ayiti ap venere yo.
Sa a se yon grenn ekzanp nou bay ou pami anpil lot manti ke Blan je vèt Fransè F.I.C yo mete nan ti liv Istwa d Ayiti a pou timoun ap etidye nan lekòl.
 
Nou bezwen rebat kat la. Leta Ayisyen dwe pran trè serye bagay timoun nou yo ap etidye nan lekòl. Nou bezwen fòme Ayisyen an pou Ayiti. E pou n fè sa, nou dwe aprann Ayisyen an verite istorik yo pou l ka fyè de moun li ye a, pou l konnen kote l soti e ki direksyon li dwe pran, pou l ka renmen peyi li, pou l ka fyè de kilti li ak istwa li antan ke pèp. Lòbèy frè F.I.C yo ap fè timoun Ayisyen etidye yo, se pwazonnen y ap pwazonnen nou. Ministè Edikasyon Nasyonal dwe pran responsablite l nan zafè sa a. Li dwe jwenn avèk istoryen Ayisyen ki konsekan pou revize bagay y ap fè timoun yo etidye yo. Timoun yo se demen ak espwa sosyete a.

Yon Ti Mesaj A Tout Ayisyen Alawonnbadè

Nou dwe elimine tout fèt Katolik yo ke Leta nou an chwazi fete nan kalandriye fonksyonman li.

Leta nou an pa yon Leta Katolik, li se yon Leta de kilti Vodou. Dayè, se Seremoni Bwa Kayiman an, ki te fèt nan lanwit 14 Dawou 1791 la, ki t ap vin pote linite ak konsyantizasyon nan mitan zanzèt nou yo pou yo te ka fè sa ki gen pou te fèt pou yo vin kreye nasyon lib sa a ke yo pral mete kanpe devan lemond antye jou ki te 1 Janvye 1804 la. Nou dwe klè sou sa. Si n pa ka klè sou sa, deja, nou gen yon pwoblèm teknik k ap anpeche n dakò pou n avanse nan konvèsasyon sa a.

Etan ke Demokrat ki toleran, ki kwè nan “pluralism,” nou TOLERE tout moun ki pa kwè nan sa nou kwè yo nan peyi a, ki se yon dwa ke tout moun genyen. Men sepandan, nou pa p tolere pou Katolik yo panse y ap vin enpoze bagay yo a sou nou.

Tout fèt ke Legliz Katolik ap fete, Leta nou an fè fèt sa a yo jou ferye pou li, kòm kwa pèp Ayisyen an se yon pèp Katolik li ye. Nou pa p pran bagay sa a ankò paske li pa fè sans e li pa lojik.

Nou pa ka yon pèp Vodou ki libere tèt li de lesklavaj —yon lesklavaj ki te esponnsorize pa Legliz Katoli, ki te jwenn benediksyon l nan men Legliz Katolik, ki te benefisye Legliz Katolik –epi pou n twouve ap nasyonalize e selebre fèt Legliz sa a. Nou pa twouve bagay sa a pa nòmal nan zye pa nou? Sa a se yon estipidite absoli e san parèy.

Katolik yo chwazi fete fèt yo, se koze ki gade yo. Men Leta a an jeneral pa ka chwazi fete yo.  Nou pa ka chwazi fè de fèt sa yo jou ferye pou Leta a. Nou pa p pran lòbèy sa a nan men Blan je vèt Legliz Katolik yo ankò. Sa a nou dwe klè sou li.

Se sèl an Ayiti wi kòm peyi m viv ladan l m wè betiz konsa fèt. Nan tout tan sa yo ke m fè ap viv Etazini an, m pa janm wè Leta Ameriken pran jou fèt Katolik yo pou jou ferye non. Epi nou menm, Leta nou an ferye pou tout fèt Legliz Katolik ap fete yo? Nou pa twouve anyen mal nan sa? Di m nan konbyen peyi Mizilman nou wè tenten konsa fèt. Epi nou tolere sa fèt nan peyi Vodou nou an?

Konbyen fèt nan kalandriye Vodou a ke Leta nou an selebre, ke Leta nou an pran kòm jou ferye? M kapab di zewo, paske Legliz Katolik, nan konkòday avèk pouvwa politik la andedan peyi a, te dyabolize Vodou nou an; yo te menm entèdi Vodouizan yo pratike fwa yo jan tout moun gen dwa fè sa nan peyi a.

Seremoni Vodou Bwa Kayiman an, si nou selebre l, nou pa selebre l pou apwòch mistik e espirityèl seremoni an non, nou selebre l pou enpòtans istorik li. Alòske se pi gwo fèt Vodou ki ta sipoze jwenn anpil enpòtans devan Leta a. Non, nou kite Blan je vèt Katolik yo ap pase nou lòd, kòm si nou pa t libere nou de lesklavaj ke yo menm te enpoze sou nou an.

Ban m di nou byen, frè ak sè Ayisyen mwen yo: Liberasyon nou de lesklavaj, ki vin fè nou yon pèp lib e endepandan an, se pa t yon kado ke Blan je vèt yo te fè nou non… se batay nou te batay pou n te genyen l… se san nou ki te koule pou n te genyen l… se mouri nou te aksepte mouri pou n te jwenn li. Epi jodi a pou n aksepte ap banalize l? Ki sa nou fè avèk konsyans nasyonal nou, hen? Ki sa nou fè avèk konsyans de pèp nou, hen? An nou pran konsyans. An nou louvri zye nou. Se nan zafè fèmen zye priye sa a wi, ou wè nou kite yo vòlè konsyans nasyonal nou nan men nou an.