Yon Mesaj Pou Pastè Ak Lidè Relijye Ayisyen Yo

Mesye e dam, ban m fè yon ti pale avèk nou. M panse n ap eksplwate mizè ak inyorans moun nan kongregasyon nou yo -yon fason pou sitiyasyon lavi yo ka vin pi mal ke jan li ye a. Ak yon filozofi parèy, m pa kwè n ap travay nan eterè moun sa yo vre non.

Kilè n ap sispann preche levanjil reziyasyon nou an, levanjil Bondye bon nou an pou nou kòmanse òganize kongregasyon nou yo pou yo ka pran destine tèt yo nan men yo?

Moun yo pa gen manje pou yo manje, pa gen djòb pou yo fè pou yo ka chanje sitiyasyon sosyoekonomik y ap viv la, olye pou nou òganize yo pou yo vini “vectors of development,” pou yo kapab pran destine tèt yo sou fòs kouraj yo, n ap pale yo de yon Wòyòm Bondye ki gen pou vini, kote pa p gen mizè, grangou ak lanmò.

Sa n ap fè a pa bon non, mesye dam. E nou konnen trèbyen sa n ap fè a, poukisa n ap fè l e nan entere ki moun n ap fè l.

M pa ka di pa gen yon Wòyòm Bondye ki gen pou vini, kote pa p gen mizè, grangou ak lanmò non. Ki moun m ye pou m ta di yon bagay konsa? Men sa ke m ka di nou sèke li pa fè okenn sans pou n ap fè moun yo kwè nan yon sipozisyon alòske sa ki pi enpòtan pou yo a, ki se kijan pou yo chanje sitiyasyon sosyoekonomik y ap viv jodi a, nou fèmen je nou sou li.

Premyèman, se pou n fè moun yo konnen ke se pa Bondye ki vle ke y ap viv nan mizè atwòs sa a ke y ap viv la, e ke pa gen moun k ap chanje l pou yo si yo pa pran destine tèt yo sous fòs ponyèt yo atravè yon “self-reliant philosophy for a self-sustaining economic development.”

Oganize kongregasyon nou yo nan yon filozofi de konbit pou yo antame aksyon sivik, sosyal ak ekonomik pou yo fè pou tèt yo e arive devlope zòn kote y ap viv la -yo rele sa a nan lang anglèz la “collective civic activism for change.”

SISPANN preche moun yo pou yo aksepte sitiyasyon mizè ak grangou klowòks sa a y ap viv la paske se Bondye ki vle l konsa. Se MANTI n ap bay moun yo. Se pa Bondye ki vle moun yo pòv e viv nan mizè. Si se vre sa nou di a, moun yo pa gen okenn rezon pou y ap sèvi Bondye sa a paske se yon move dye dye sa a ye.

Se pou nou kòmanse antre nan reyalite bagay yo, se pou nou sispann ap fikse lesyèl tankou yon dal zonbi pou nou mete 2 pye nou sou latè pou n ap di moun yo ke pa ka gen devlopman sosyal ak ekonomik san travay e ni tou pa ka gen travay si n ap preche yo teyoloji reziyasyon nou an.

Mesye e dam, tanpri chanje lin mesaj nou yo paske yo kenbe Ayisyen an nan soudevlopman ekonomik, sosyal ak politik. Si nou pa sispann, n ap sispann jan nou vle sispann nan paske nou pa p pran bagay sa a nan men nou ankò. M kwè se pa animal nou ye -nou gen 2 zye pou nou li, 2 fèy zòrèy pou nou tande, ak yon entelijans pou nou konprann. Alòs, balon won an nan pye nou.

By Emann Joasil Posted in Society